Lè Woboram fin chita gouvènman li byen chita, lè li santi li te fò, li pa mache dapre lalwa Seyè a ankò. Lèfini, tout pèp Izrayèl la fè menm jan an tou. Paske moun yo te vire do bay Seyè a, Chichak, wa peyi Lejip la, moute vin atake lavil Jerizalèm nan senkyèm lanne rèy wa Woboram, avèk mildesan (01.200) cha lagè, swasantmil (060.000) kavalye ak yon kantite sòlda moun pa t' ka konte ki te moute avè l' soti nan peyi Lejip. Te gen moun peyi Libi, moun peyi Soukit ak moun peyi Letiopi nan lame a. Li pran tout lavil ak gwo ranpa peyi Jida yo, jouk li rive lavil Jerizalèm. Chichak t'ap pwoche sou lavil la, lè Chemaya, pwofèt la, al jwenn Woboram ak tout chèf peyi Jida yo ki te reyini lavil la, li di yo konsa: -Men sa Seyè a voye di nou. Menm jan nou te lage m' lan, se konsa m'ap lage nou tou nan men Chichak. Wa a ansanm ak chèf yo rekonèt yo te fè sa ki mal: -Seyè a gen rezon l' nan pla men l'! Lè Seyè a wè jan yo rekonèt tò yo, li pale ak Chemaya ankò, li di l' konsa: -Paske yo rekonèt yo pa t' dwe fè sa yo fè a, mwen p'ap detwi yo nèt. Men, lè Chichak va atake, m'ap ba yo chans pou yo chape kò yo. Mwen p'ap sèvi ak Chichak pou m' fè moun lavil Jerizalèm yo santi jan m' fache sou yo. Men, Chichak pral fè yo soumèt devan l'. Lè sa a, y'a wè sèvi m' ak sèvi chèf sou latè sa ki pi dous. Wa Chichak atake lavil Jerizalèm. Li pran tout trezò ki te nan Tanp lan ak nan palè wa a. Li pran ata gwo plak pwotèj an lò Salomon te fè fè yo. Wa Woboram fè fè lòt gwo plak pwotèj an kwiv fwa sa a pou mete nan plas yo. Lèfini, li renmèt yo nan men chèf gad ki t'ap fè pòs nan pòtay palè a. Chak fwa wa a t'ap antre nan Tanp lan, chèf gad yo al pran gwo plak pwotèj yo pote vini. Lè li ale, yo pote yo tounen nan chanm gad yo. Paske Woboram te rekonèt li pa t' dwe fè sa l' te fè a devan Seyè a, kòlè Seyè a bese, li pa fini nèt avè l'. Men pou di vre, te gen bon bagay ki te pase nan peyi Jida lè sa a tou. Woboram te gouvènen lavil Jerizalèm, li chita otorite l' byen chita. Woboram te gen karanteyennan lè li vin wa peyi Jida. Li gouvènen pandan disètan lavil Jerizalèm, lavil Seyè a te chwazi nan tout peyi Izrayèl pou anplasman kote pou yo fè sèvis pou li a. Manman Woboram te moun lavil Amon. Li te rele Nama. Woboram te fè sa ki mal, paske li pa t' chache fè volonte Seyè a. Tou sa wa Woboram te fè, depi premye jou li te moute wa a rive jouk dènye jou a, nou jwenn yo ekri nan liv travay pwofèt Chemaya ak nan liv vizyon pwofèt Ido ki bay lis fanmi yo. Se te yon lagè san rete ant Woboram ak Jewoboram. Lè Woboram mouri, yo antere l' nan lavil David la. Se Abija, pitit gason li, ki pran plas li sou fotèy la.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.