Jozafa li menm, wa peyi Jida a, tounen lakay li lavil Jerizalèm san anyen pa rive l'. Yon pwofèt yo te rele Jeou, pitit gason Anani an, vin kontre wa a, li di l' konsa: -Ki jan ou fè al ede moun k'ap fè mal? Ki jan ou rive fè zanmi ak moun ki pa vle wè Seyè a? Se poutèt sa, Seyè a fache sou ou anpil. Men malgre sa, ou fè kèk bagay ki bon. Ou te kraze tout pòtre Achera, bondye fanm, ki te nan peyi a. Lèfini ou te chache fè volonte Bondye. Jozafa te rete lavil Jerizalèm. Men, li pran vizite pèp la nan tout peyi a ankò, depi lavil Bècheba nan sid, rive jouk nan mòn Efrayim yo nan nò, pou l' te fè pèp la tounen vin jwenn Seyè a, Bondye zansèt yo a. Li mete jij nan chak lavil ak ranpa peyi Jida a, yonn apre lòt. Li di jij yo: -Kalkile byen travay nou pral fè a, paske nou pa pral jije nan non yon moun, men nan non Seyè a. L'ap kanpe la bò kote nou lè n'ap rann jijman. Se pou nou gen krentif pou Seyè a. Veye zo nou nan tou sa n'ap fè, paske Seyè a, Bondye nou an, pa tolere lenjistis ak patipri. Li pa nan pran kado nan men moun pou fè pa yo. Nan lavil Jerizalèm menm, Jozafa chwazi kèk moun Levi, prèt ak chèf fanmi, li mete pou jije tout ka ki an rapò ak lalwa Bondye a, tout pwose moun lavil Jerizalèm yo ka gen yonn ak lòt. Li ba yo lòd, li di yo: -Se pou nou fè travay nou ak krentif pou Bondye. Se pou nou swiv lòd li nan tou sa n'ap fè. Chak fwa frè nou yo ki rete nan lòt lavil yo vin pote yon ka devan nou, kit se pou yon moun yo touye, kit se pou yon lwa, yon lòd, yon regleman osinon yon prensip yo dezobeyi, se pou nou pale ak yo pou yo pa fè anyen ki mal devan Seyè a. Si nou pa fè sa, Seyè a ap move ni sou nou ni sou moun nou yo. Si nou fè sa nou dwe fè, nou p'ap koupab nou menm. Amarya, granprèt la, va pi gwo jij pou tout ka ki an rapò ak lalwa Bondye a. Zebadya, pitit Izmayèl la, chèf branch fanmi Jida a, va pi gwo jij pou tou sa ki an rapò ak lalwa peyi a. Se va reskonsablite moun Levi yo pou yo fè respekte tout desizyon n'a pran. Mete gason sou nou. Fe travay nou. Se pou Seyè a toujou kanpe la ak moun ki mache dwat yo.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.