Salomon tanmen bati Tanp Seyè a lavil Jerizalèm sou mòn Morija a, kote Seyè a te parèt devan David, papa l', sou anplasman David te pare pou sa a, ki vle di kote Onan, moun Jebis la, te gen glasi l' la. Lè sa a, Salomon te gen twazan yon mwa de jou depi li te wa. Salomon te bati Tanp lan sou yon fondasyon ki te gen katrevendis pye longè sou trant pye lajè. Gwo pyès ki te devan Tanp lan te gen trant pye lajè menm jan ak Tanp lan, ak sankatreven (0180) pye wotè. Salomon te fè kouvri tout miray anndan pyès la ak bon lò. Li plake planch bwapen sou tout anndan gwo pyès la. Li kouvri tout bwa yo nèt ak bon lò. Lèfini, li fè yo mete pòtre pye palmis ak ti chenn. Li dekore l' ak bèl pyè koute chè. Yo te sèvi ak bon kalite lò ki soti peyi Pavayim. Li kouvri tout anndan Tanp lan ak lò: travès yo, ankadreman pòt yo, palisad yo ak pòt yo menm. Sou tout palisad yo, li fè mete pòtre zanj cheriben. Yo bati tou pyès ki apa nèt pou Seyè a. Li te gen trant pye lajè, menm jan ak Tanp lan, ak trant pye longè, kare kare. Yo sèvi ak venmil (020.000) kilo lò pou kouvri tout anndan l'. Klou yo te sèvi yo te fèt an lò tou. Yo chak te peze senksan (0500) gram. Yo kouvri tout miray anndan pyès anwo yo tou ak lò. Nan pyès ki apa nèt pou Seyè a, li fè fè de estati zanj cheriben. Li fè kouvri yo ak lò nèt. -(we vèsè pwochen) -(we vèsè pwochen) Yo te mete zanj yo kanpe yonn bò kote lòt, ak figi yo bay sou pòt antre pyès la. Yo chak te gen de zèl. Chak zèl te gen sèt pye edmi longè. Zèl yo te louvri. Pwent zèl anndan yo touche yonn ak lòt nan mitan pyès la, de pwent zèl deyò yo touche ak de miray sou kote yo. Konsa, longè tout zèl yo ansanm te bay trant pye. Li fè yo fè yon rido pou pyès ki apa nèt pou Seyè a ak twal ble, twal wouj, twal violèt. Li fè bwode pòtre zanj cheriben sou rido a tou. Salomon fè fè de gwo poto won. Yo chak te gen senkannde pye wotè. Li mete yo kanpe devan Tanp lan. Tèt poto yo te mezire sèt pye edmi wotè. Li fè ti chenn mare yonn ak lòt, li mete yo fè wonn anwo tèt poto yo ansanm ak pòtre grenad li mare nan ti chenn yo. Li mete poto yo devan Tanp lan, yo yonn chak bò pòtay la. Yo rele sa ki te bò dwat la Jakin, sa ki te bò gòch la Boaz.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.