Depi lontan Seyè a te fin bay moun pèp Izrayèl yo lapè nan mitan tout lènmi l' yo. Jozye bò pa l' te fin granmoun. Li te gen anpil laj sou tèt li. Li fè rele tout pèp Izrayèl la, tout chèf fanmi yo, tout lòt chèf yo, tout jij yo, tout notab nan peyi a, li di yo: -Koulye a mwen fin granmoun! Nou te wè tou sa Seyè a, Bondye nou an, te fè tout pèp sa yo ki t'ap kenbe tèt ak nou. Se Seyè a, Bondye nou an, ki t'ap goumen pou nou. Koute! Mwen separe tout peyi a bay chak branch fanmi pòsyon pa yo. Mwen separe ni peyi nou deja pran nan men nasyon nou disparèt yo, ni peyi ki rete pou nou pran nan men kèk lòt nasyon, depi larivyè Jouden bò solèy leve jouk lanmè Mediterane a bò solèy kouche. Seyè a, Bondye nou an, pral pran peyi a nan men moun ki rete la yo, l'ap mete yo deyò pou nou ka pran tè a pou nou, jan Seyè a, Bondye nou an, te di l' la. Se pou nou fè sa nou kapab pou nou toujou swiv tou sa ki ekri nan liv lalwa Moyiz la, san neglije anyen ladan l'. Pa mele avèk moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou yo. Pa nonmen non bondye yo. Pa pran non bondye yo pou fè sèman. Pa mete ajenou devan bondye yo. Pa fè sèvis pou yo. Se Seyè a, Bondye nou an, ase pou nou toujou kenbe fèm, jan nou te toujou fè l' jouk jounen jòdi a. Seyè a te mete yon bann gwo nasyon ki te fò anpil deyò devan nou. Pesonn pa t' kapab kenbe tèt ak nou jouk jòdi a. Yon sèl gason nan mitan nou kont pou fè mil gason nan lènmi nou yo kouri met deyò, paske Seyè a, Bondye nou an, ap goumen pou nou, jan li te di l' la. Atansyon wi! Se pou nou renmen Seyè a, Bondye nou an. Si nou vire do bay Bondye, si n' al mete tèt nou ansanm ak rès moun lòt nasyon sa yo k'ap viv nan mitan nou, si nou marye ak yo, si nou nan antre soti avèk yo, nou mèt sèten, Seyè a, Bondye nou an, p'ap mete pèp sa yo deyò devan nou ankò. Okontrè, l'ap fè yo tounen yon pèlen, yon senn pou fèmen nou, yon fwèt nan dèyè nou, yon pikan nan je nou jouk l'a fè nou disparèt nan bon peyi sa a Seyè a, Bondye nou an, te ban nou. Mwen menm, mwen pa lwen kite tè a. Nou tout nou konnen nan kè nou ak nan lespri nou Seyè a, Bondye nou an, te ban nou tout bèl bagay li te pwomèt nou yo. Li kenbe tou sa li te pwomèt, yo tout rive vre. Wi, menm jan Seyè a, Bondye nou an, te fè pou nou tout bèl bagay li te pwomèt nou yo, konsa tou, si nou vire do ba li, l'a voye sou nou tout kalite malè, jouk l'a disparèt nou nèt nan bon peyi Seyè a, Bondye nou an, ban nou an. Si nou pa respekte kontra Seyè a, Bondye nou an, te pase ak nou an, si n' al adore lòt bondye, si n' al fè sèvis pou yo, Seyè a pral move sou nou, epi lapoula, n'ap disparèt nan bon peyi sa a li te ban nou an.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.