Moun pèp Izrayèl yo te bat tout wa ki te rete lòt bò larivyè Jouden yo, sou bò solèy leve. Epi yo pran tout peyi wa sa yo nan men yo, ki vle di tout zòn lan nèt, depi ravin Anon an, moute nan fon Jouden an, jouk nan pye mòn Emon. Men wa yo te kraze yo: Se te Siyon, wa moun Amori yo, ki te rete lavil Esbon. Peyi li t'ap gouvènen an te pran depi nan fon ravin Anon an moute Awoyè ki sou bò ravin lan, rive larivyè Jabòk sou fwontyè moun Amon yo, ki vle di mwatye nan peyi Galarad la. Li te gouvènen zòn ki sou bò lès fon Jouden an tou, depi letan Kinerèt la desann sou lanmè Mouri a, nan direksyon Bèt-Jechimòt jouk nan pye mòn Pisga a. Yo te kraze Og, wa peyi Bazan an tou. Se te yonn nan dènye refayim yo. Li te rete lavil Astawòt ak lavil Edreyi. Peyi li t'ap gouvènen an konmanse depi nan mòn Emon ak mòn Salka, li pran tout peyi Bazan an nèt rive sou fwontyè peyi moun Jechou yo ak moun Maaka yo, plis lòt mwatye peyi Galarad la rive sou fwontyè peyi wa Siyon an ki te rete lavil Esbon. Se Moyiz, sèvitè Seyè a, ansanm ak pèp Izrayèl la ki te kraze wa sa yo. Apre sa, Moyiz, sèvitè Seyè a, te pran tout peyi sa yo li bay moun branch fanmi Woubenn lan, moun branch fanmi Gad la ak mwatye nan moun branch fanmi Manase a. Jozye ansanm ak pèp Izrayèl la te bat tout wa ki te rete nan zòn lòt bò larivyè Jouden an, sou bò solèy kouche, depi lavil Baal-Gad nan fon Liban an jouk mòn Chòv la nan direksyon Seyi. Se tè wa sa yo Jozye te pran, li separe yo bay moun pèp Izrayèl yo pou byen pa yo. Tè sa yo te pran tout mòn yo, tout plenn yo, fon Jouden an, tout pye mòn yo, dezè a ak zòn Negèv la. Se sou tè sa yo moun Et yo, moun Amori yo, moun Kanaran yo, moun Ferezi yo, moun Evi yo ak moun Jebis yo te rete. Men wa yo te kraze yo: wa lavil Jeriko, wa lavil Ayi, toupre Betèl, wa lavil Jerizalèm, wa lavil Ebwon, wa lavil Jamout, wa lavil Lakis, wa lavil Eglon, wa lavil Gezè, wa lavil Debi, wa lavil Gedè, wa lavil Oma, wa lavil Arad, wa lavil Libna, wa lavil Adoulam, wa lavil Makeda, wa lavil Betèl, wa lavil Tapwach, wa lavil Efè, wa lavil Afèk, wa lavil Sawon, wa lavil Madòn, wa lavil Azò, wa lavil Chimwon, wa lavil Mewòm, wa lavil Akchaf, wa lavil Tanak, wa lavil Megido, wa lavil Kadès, wa lavil Jokneyam nan zòn mòn Kamèl la, wa lavil Dò sou zòn bò rivaj lanmè a, wa Goyim yo nan peyi Galile, wa lavil Tiza. Sa te fè antou tranteyen wa ki te peri.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.