Apre Moyiz, sèvitè Seyè a, mouri, Seyè a pale ak Jozye, pitit gason Noun lan, ki te aladwat Moyiz nan tou sa li t'ap fè. Li di l' konsa: -Koulye a, Moyiz, sèvitè m' lan, mouri. Pare kò ou, ou menm ansanm ak tout pèp Izrayèl la. Nou pral janbe lòt bò larivyè Jouden an pou nou ka antre nan peyi m'ap ban nou an. Jan mwen te di Moyiz la, mwen pral ban nou tout peyi kote nou pral mete pye nou an. Peyi a pral konmanse depi nan dezè a sou bò nan sid, jouk mòn Liban nou wè laba a, nan nò. L'ap pran tout peyi moun Et yo, depi larivyè Lefrat sou bò solèy leve, jouk gwo lanmè a sou bò solèy kouche. Pandan tout rès vi ou, pesonn p'ap ka kenbe tèt ak ou. M'ap toujou kanpe la avèk ou, menm jan mwen te toujou la avèk Moyiz. Mwen p'ap vire do ba ou, mwen p'ap janm lage ou. Mete gason sou ou! Pa janm dekouraje, paske se ou menm ki pral fè pèp la antre pran peyi mwen te fè sèman m'ap bay zansèt yo a. Wi. Sèl bagay mwen mande ou, se mete gason sou ou, pa janm dekouraje. Veye kò ou pou ou mache dapre tout lòd Moyiz, sèvitè m' lan, te ba ou yo. Pa janm neglije anyen nan sa li te di ou, pou zafè ou ka mache byen kote ou pase. Se pou pawòl ki nan liv lalwa a toujou nan bouch ou. Se pou w'ap kalkile yo nan tèt ou lajounen kou lannwit, pou ou ka viv dapre sa ki ekri nan liv la. Se konsa w'a mennen bak ou byen. Tout zafè ou va mache byen. Chonje lòd mwen te ba ou! Mete gason sou ou! Pa janm dekouraje! Ou pa bezwen tranble, ou pa bezwen pè, paske Seyè a, Bondye ou la, ap toujou kanpe la avèk ou kote ou pase. Lè sa a, Jozye rele tout chèf pèp la. Li ba yo lòd sa a: -Mache nan tout kan an. Bay pèp la lòd pou yo pare tout zafè yo, paske nan twa jou nou pral janbe lòt bò larivyè Jouden an pou nou antre nan peyi Seyè a, Bondye nou an, ap ban nou pou peyi pa nou. Apre sa, Jozye pale ak moun branch fanmi Woubenn yo ak moun branch fanmi Gad yo ansanm ak mwatye moun nan branch fanmi Manase a. Li di yo: -Chonje lòd Moyiz, sèvitè Seyè a, te ban nou lè li te di nou: Seyè a, Bondye nou an, ap ban nou tè bò isit la pou nou tabli, pou nou viv ak kè poze. Madanm nou, pitit nou ak tout bèt nou yo pral rete nan peyi Moyiz ban nou sou bò isit larivyè Jouden an, bò solèy leve a. Men, nou menm gason yo, vanyan sòlda, se pou nou pran zam nou nan men nou pou nou mache devan tout rès pèp la, pou nou ka ede yo, si gen nesesite. Lè Seyè a va fin fè yo pran peyi a pou yo, lè l'a fin ba yo yon kote pou yo viv ak kè poze, menm jan li te fè l' pou nou an, se lè sa a atò n'a tounen nan peyi ki pou nou an. Wi, n'a vin rete nan peyi pa nou an, peyi Moyiz, sèvitè Bondye a, te ban nou lòt bò larivyè Jouden an, sou bò solèy leve. Yo tout yo reponn Jozye, yo di l': -Tou sa ou ban nou lòd fè, n'ap fè l'! Kote ou voye nou, nou prale! Menm jan nou te toujou obeyi Moyiz, se konsa n'ap obeyi ou tou. Sèl bagay, n'ap lapriyè pou Bondye toujou kanpe avè ou menm jan li te kanpe ak Moyiz la. Se pou yo touye tout moun ki pa dakò ak lòd ou, osinon ki pa vle obeyi lòd ou bay, osinon ki derefize fè sa ou mande yo fè. Sèlman, met gason sou ou! Pa janm dekouraje!
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.