Chèf fanmi Levi yo vin jwenn Eleaza, prèt la, Jozye, pitit gason Noun lan, ak chèf tout lòt branch fanmi pèp Izrayèl la. Lè sa a, tout moun sa yo te reyini lavil Silo, nan peyi Kanaran. Chèf fanmi Levi yo di yo: -Seyè a te pale ak Moyiz pou nou. Li te bay lòd pou yo te ban nou lavil pou nou rete ak savann pou bèt nou yo jwenn manje. Se konsa, moun pèp Izrayèl yo chwazi kèk lavil ak tout savann pou bèt nan pwòp pòsyon tè pa yo, yo bay moun branch fanmi Levi yo, jan Seyè a te bay lòd la. Yo tire osò. Premye moun ki jwenn pa yo se te moun fanmi Keyat yo. Yo pran trèz lavil nan pòsyon tè ki pou moun branch fanmi Jida, branch fanmi Simeyon ak branch fanmi Benjamen yo, yo bay moun Keyat yo. Moun sa yo se ras fanmi Arawon, prèt la, yo ye. Apre sa, yo pran dis lavil nan pòsyon tè ki pou branch fanmi Efrayim, branch fanmi Dann ansanm ak mwatye branch fanmi Manase yo, yo separe bay lòt pitit Keyat yo, chak fanmi pa yo apa. Lèfini, yo pran trèz lavil nan pòsyon tè ki pou branch fanmi Isaka, branch fanmi Asè, branch fanmi Neftali ak lòt mwatye branch fanmi Manase a nan peyi Bazan, yo separe bay pitit Gèchon yo, chak fanmi pa yo apa. Yo pran douz lavil nan pòsyon tè ki pou branch fanmi Woubenn, branch fanmi Gad ak branch fanmi Zabilon yo, yo separe bay pitit Merari yo, chak fanmi pa yo apa. Se konsa moun pèp Izrayèl yo te tire osò pou Seyè a te ka fè yo konnen ki lavil ak tout savann pou yo bay moun Levi yo, jan Seyè a te bay Moyiz lòd pou yo fè a. Men non lavil moun branch fanmi Jida ak branch fanmi Simeyon yo te bay nan pòsyon tè pa yo. Lavil sa yo te soti pou moun fanmi Keyat, pitit gason Arawon, nan branch fanmi Levi a. Premye gwoup lavil la te vin pou yo. Yo te ba yo lavil Kiriyat aba, ki rele koulye a Ebwon, yon lavil ki te nan mòn peyi Jida yo, ansanm ak tout savann pou mouton yo. Se lavil sa a ki te kapital peyi moun Anak yo. Men, yo pran tout jaden ki te andeyò lavil la ak tout ti bouk ki te sou lòd li yo, yo bay Kalèb, pitit gason Jefoune a, pou rele l' pa l'. Men lavil yo te bay moun fanmi Arawon, prèt la: lavil Ebwon, kote moun ki touye moun ka kouri al chache pwoteksyon, ansanm ak tout savann pou bèt li yo, lavil Jati, lavil Echtemoa, lavil Olòn, lavil Debi, lavil Ayin, lavil Jouta, lavil Bèt-Chemèch, ansanm ak tout savann pou bèt yo: Sa te fè nèf lavil yo te pran sou de branch fanmi sa yo. Nan pòsyon tè pou branch fanmi Benjamen an, yo te bay lavil Gabawon, lavil Geba ansanm ak tout savann pou bèt yo, lavil Anatòt, lavil Almon ansanm ak tout savann pou bèt yo. Sa te fè kat lavil. Antou yo te pran trèz lavil ak tout savann pou bèt yo bay prèt yo, moun fanmi Arawon yo. Lòt moun ki te rete nan fanmi Keyat la, moun Levi ki pa t' ankò jwenn anyen yo, resevwa lavil ki te nan pòsyon tè yo te bay moun branch fanmi Efrayim yo. Yo te ba yo yon lavil nan mòn peyi Efrayim, lavil Sichèm kote moun ki touye moun ka kouri al chache pwoteksyon, ansanm ak tout savann pou bèt yo. Yo te ba yo tou lavil Gezè, lavil Kibsayim, lavil Bètowon ansanm ak tout savann pou bèt yo. Sa te fè kat lavil sou tè moun branch fanmi Efrayim yo. Nan pòsyon tè moun branch fanmi Dann yo, yo ba yo kat lavil: lavil Elteke, lavil Gibeton, lavil Ajalon, lavil Gat-Rimon, ansanm ak tout savann pou bèt yo. Nan pòsyon tè pou mwatye branch fanmi Manase a, yo ba yo de lavil: lavil Tanak ak lavil Gat-Rimon ansanm ak tout savann pou bèt yo. Antou yo te bay rès moun nan fanmi Keyat la dis lavil ak tout savann pou bèt yo. Pou moun Levi nan branch fanmi Gèchon yo, yo pran de lavil sou tè ki pou mwatye branch fanmi Manase a, yo ba yo. Se te lavil Golan nan peyi Bazan, yonn nan lavil kote moun ki touye moun ka kouri al chache pwoteksyon, ak lavil Bestra ansanm ak tout savann pou bèt yo. Yo ba yo kat lavil yo te pran sou tè ki pou branch fanmi Isaka a. Se te lavil Kichyon, lavil Dabera, lavil Jamout, lavil Angannim ansanm ak tout savann pou bèt yo. Yo pran kat lavil nan pòsyon tè ki pou branch fanmi Asè a ba yo. Se te lavil Micheyal, lavil Abdon, lavil Elkat, lavil Reyòb ansanm ak tout savann pou bèt yo. Yo pran twa lavil nan pòsyon tè ki pou branch fanmi Nèftali a ba yo tou. Se te lavil Kadès nan peyi Galile, yonn nan lavil kote moun ki touye moun ka kouri al chache pwoteksyon, lavil Amot-Dò, lavil Katan ansanm ak tout savann pou bèt yo. Sa te fè antou trèz lavil ansanm ak tout savann pou bèt yo te bay moun fanmi Gèchon yo. Pou rès moun Levi ki nan branch fanmi Merari a, yo pran kat lavil nan pòsyon tè ki pou branch fanmi Zabilon an ba yo. Se te lavil Jokneyam, lavil Kata, lavil Dimna, lavil Nalal ansanm ak tout savann pou bèt yo. Apre sa, yo pran kat lavil nan pòsyon tè lòt bò larivyè Jouden ki pou moun branch fanmi Woubenn lan ba yo. Se te lavil Bezè, yonn nan lavil kote moun ki touye moun ka kouri al chache pwoteksyon nan dezè sou platon an, lavil Jatsa, lavil Kedemòt, lavil Mefat ansanm ak tout savann pou bèt yo. Yo ba yo kat lòt lavil nan pòsyon tè ki pou branch fanmi Gad la. Se te lavil Ramòt-Galarad, yonn nan lavil kote moun ki touye moun ka kouri al chache pwoteksyon, lavil Manayim, lavil Esbon, lavil Jazè ansanm ak tout savann pou bèt yo. Antou sa te fè douz lavil ki te vin pou rès moun Levi yo, pou moun fanmi Merari yo separe bay chak fanmi pa yo apa. Se konsa, yo te pran karantwit lavil ansanm ak tout savann pou bèt nan mitan tè ki te pou moun Izrayèl yo, yo bay moun Levi yo. Chak lavil sa yo te mache ak tout savann pou bèt yo. Se konsa, Seyè a te bay pèp Izrayèl la peyi li te pwomèt li t'ap bay zansèt yo a. Yo pran tout peyi a pou yo, yo rete ladan l'. Seyè a te fè yo gen lapè sou tout fwontyè yo, jan li te pwomèt zansèt yo. Ankenn lènmi pa t' resi kenbe tèt ak yo. Seyè a te lage tout lènmi yo nan men yo. Seyè a te kenbe dènye pwomès li te fè pèp Izrayèl la. Tout bagay te pase jan l' te pwomèt la.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.