Seyè a pale ak Jozye, li di l' konsa: -Pale ak moun pèp Izrayèl yo, di yo pou yo chwazi lavil kote moun ka jwenn pwoteksyon, jan mwen te bay Moyiz lòd pou yo fè a. Lè yon moun touye yon moun san li pa fè espre, san li pa t' gen lide fè sa, li ka kouri al kache la pou yo ka pwoteje l' pou l' pa tonbe anba men moun k'ap chache l' pou yo tire revanj. Moun k'ap chache pwoteksyon nan yonn nan lavil sa yo va kouri ale bò pòtay lavil la, l'a esplike chèf fanmi lavil la sa ki te rive l'. Lèfini, y'a kite l' antre nan lavil la. Y'a ba li yon kote pou l' rete nan mitan yo. Si moun k'ap chache tire revanj yo rive jouk la deyè l', chèf fanmi lavil la p'ap renmèt yo nonm lan, paske se pa espre li te fè lè l' te touye moun menm ras ak li a. Li pa t' gen anyen avè l'. L'a gen pou l' rete nan lavil la jouk la parèt devan tout pèp la pou yo jije l', jouk moun ki granprèt lè sa a va mouri. Se lè sa a nonm lan va gen dwa tounen lakay li, nan lavil li te kouri kite a. Se konsa, moun yo pran lavil Kadès nan peyi Galile, nan mòn ki pou moun branch fanmi Neftali yo, lavil Sichèm nan mòn ki pou moun branch fanmi Efrayim yo ak lavil Kiriyat aba ki rele koulye a Ebwon, nan mòn ki pou moun branch fanmi Jida yo pou sèvi pwoteksyon. Lòt bò larivyè Jouden an menm, nan platon ki anfas lavil Jeriko, bò solèy leve, yo chwazi twa lavil nan dezè a pou sa tou: Bezè nan zòn ki pou moun branch fanmi Woubenn yo, Ramòt-Galarad nan zòn ki pou moun branch fanmi Gad yo, ak Golan nan peyi Bazan an nan zòn ki pou moun branch fanmi Manase yo. Men non lavil yo te chwazi pou bay pwoteksyon yo. Nenpòt moun nan pèp Izrayèl la osinon nan moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan yo ki ta touye yon moun san fè espre, l'a gen dwa kouri al kache la pou yo ka pwoteje l' pou l' pa tonbe anba men moun ki fanmi pi pre moun li te touye a, anvan li parèt devan tout pèp la pou yo jije l'.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.