Lè sa a, Jozye, pitit gason Noun lan, rete Sitim kote yo te ye a, li voye de nèg an kachèt al wè jan sa ye lavil Jeriko. Li di yo: -Ale vizite peyi a ak lavil Jeriko. Se konsa mesye yo ale, yo antre lakay yon jennès ki te rele Rarab. Se la yo desann. Men, nouvèl la tonbe nan zòrèy wa Jeriko a. Yo vin di l' konsa: -Gen kèk moun nan pèp Izrayèl la ki antre isit la lannwit lan pou espyonnen nou. Lè wa a tande sa, li voye di Rarab konsa: -Mesye ki vin lakay ou yo, se espyonnen yo vin espyonnen tou sa k'ap fèt nan peyi a, tande! Mete yo deyò lakay ou. Men, fanm lan menm pa fè ni de ni twa, li pran de mesye yo, li kache yo. Apre sa, li voye di wa a: -Wi, te gen kèk mesye ki te vin lakay mwen. Mwen pa t' konnen ki bò yo soti. Men, lè yo tapral fèmen pòtay la apre solèy fin kouche, mesye yo soti, y' ale fè wout yo. Mwen pa konn ki wout yo fè. Si nou fè vit rapouswiv yo, n'a jwenn yo. Men madanm lan te fè de mesye yo moute sou teras anwo kay li a, li te kache yo anba yon pakèt kòs bwa ki te blayi atè sou teras la pou yo cheche. Sòlda wa yo menm soti sou wout ki mennen larivyè Jouden an, yo pati dèyè mesye yo pou yo pran yo anvan yo rive nan pas la. Soti sòlda yo soti, yo fèmen pòtay la. Anvan mesye yo gen tan dòmi, Rarab moute bò kote yo, sou teras la. Li di yo: -Mwen konnen Seyè a lage peyi a nan men nou. Mwen rekonèt tout moun pè nou, tout moun nan peyi a pa konn sa pou yo fè devan nou. Paske, nou tande ki jan Seyè a te cheche dlo Lanmè Wouj la devan nou lè nou t'ap soti kite peyi Lejip la. Nou tande sa nou te fè Siyon ak Og, de wa peyi Amori yo, ki rete lòt bò larivyè Jouden an, jan nou te touye yo pou Seyè a. Lè nou tande sa, kè nou fann. Tout moun pèdi kouraj lè yo wè nou, paske Seyè a, Bondye nou an, se li menm vre ki Bondye anwo nan syèl la ak sou latè a. Koulye a, m'ap mande nou pou nou fè sèman devan Seyè a pou nou pwomèt n'ap aji byen avèk fanmi mwen, menm jan mwen aji byen avèk nou tou. Men sa m'ap mande nou pou nou fè pou mwen. Tanpri, sove lavi manman m' ak papa m', sove lavi frè m' yo ak sè m' yo ansanm ak tout fanmi m' yo. Pa kite yo touye nou. Mesye yo reponn li. -Nou pwomèt ou n'a pito mouri nou menm pase pou n' kite yo touye ou. Si ou pa di pesonn sa nou vin fè isit la, lè Seyè a va ban nou peyi a, n'a aji byen avè ou, n'a kenbe pawòl nou. Rarab te rete nan yon kay ki te bati nan miray ranpa lavil la. Se konsa, li file yon kòd desann nan fennèt lakay li a, li fè mesye yo desann sou deyò. Li di yo: -Ale nan mòn yo pou nou pa kontre ak moun yo voye dèyè nou yo. N'a rete kache la pandan twa jou. Sa va ba yo tan pou yo tounen. Apre sa, nou mèt al fè wout nou. Mesye yo di l': -N'ap kenbe pwomès ou te fè nou fè ou la. Tande byen. Lè n'a anvayi peyi a, w'a mare kòdon wouj sa a nan fennèt kote ou fè nou desann lan. W'a pran manman ou ak papa ou, frè ou yo ak tout lòt moun ki nan fanmi ou lan, w'a fè yo reyini lakay ou. Lè sa a, nenpòt kilès ladan yo ki va soti lakay ou, sa ki rive l' se pa l'. Se p'ap fòt nou. Men, si anyen rive yon moun andedan lakay ou, se va fòt pa nou. Konsa tou, si ou di yon moun sa nou te vin fè a, nou p'ap gen ankenn obligasyon kenbe pwomès nou te fè ou la ankò. Fanm lan di yo: -Mwen dakò ak sa nou di a! Epi li voye yo ale, yo pati. Apre sa, li pran ti kòdon wouj la, li mare l' nan fennèt la. De mesye yo menm ale, yo rive nan mòn yo. Yo rete kache la pandan twa jou. Moun yo te voye dèyè yo menm t'ap chache yo sou tout wout la, men yo pa jwenn yo. Bout pou bout, yo tounen lavil Jeriko. Lè sa a, de mesye yo tounen, yo desann soti nan mòn yo, yo janbe larivyè Jouden an, y' al jwenn Jozye, pitit Noun lan, yo rakonte l' tou sa ki te rive yo. Yo di l' konsa: -Seyè a lage tout peyi a nan men nou. Tout moun nan peyi a ap tranble tèlman yo pè nou.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.