Se konsa moun lavil Kiriyat Jearim yo vin pran Bwat Kontra Seyè a. Yo mete l' lakay Abinadad, sou tèt yon ti mòn. Yo chwazi Eleaza, pitit gason Abinadad la, pou okipe Bwat Kontra Seyè a. Bwat Kontra Seyè a te rete yon bon tan lavil Kiriyat-Jearim. Li te pase ventan la. Pandan tout tan sa a, tout moun pèp Izrayèl yo t'ap rele nan pye Seyè a pou mande l' sekou. Samyèl pale ak tout pèp la, li di yo konsa: -Si nou tounen vin jwenn Seyè a ak tout kè nou vre, se pou nou wete tout bondye moun lòt nasyon yo ak tout pòtre metrès Astate yo nan mitan nou. Viv pou Seyè a sèlman, se li menm ase pou nou sèvi. Lè sa a l'a delivre nou anba men moun Filisti yo. Se konsa moun pèp Izrayèl yo wete tout estati bondye Baal ak metrès Astate yo nan mitan yo. Yo pran sèvi Seyè a sèlman. Apre sa, Samyèl di yo: -Sanble tout pèp Izrayèl la lavil Mispa, m'a lapriyè Seyè a la pou nou. Se konsa yo tout sanble lavil Mispa. Yo tire dlo, yo vide l' atè tankou yon ofrann pou Seyè a. Jou sa a, yo rete san manje. Epi yo di: -Nou peche kont Seyè a! Samyèl te rete lavil Mispa, se la li te konn regle tout bagay pou pèp Izrayèl la. Lè moun Filisti yo vin konnen pèp Izrayèl la te sanble lavil Mispa, senk chèf moun Filisti yo moute al atake yo. Moun pèp Izrayèl yo tande sa, yo te pè. Epi yo di Samyèl: -Pa sispann lapriyè Seyè a pou nou, pou l' ka sove nou anba men moun Filisti yo. Samyèl pran yon ti mouton dèyè manman, li boule l' nèt, li ofri l' bay Seyè a. Lèfini, Samyèl lapriyè Seyè a pou l' vin ede pèp Izrayèl la. Seyè a reponn lapriyè a. Pandan Samyèl t'ap boule ofrann lan, moun Filisti yo mache sou pèp Izrayèl la vin atake yo. Men lè sa a, Seyè a voye yon kout loraj sou moun Filisti yo. Moun Filisti yo pèdi tèt yo, yo pran kouri met deyò devan pèp Izrayèl la. Moun Izrayèl yo soti lavil Mispa, yo pran kouri dèyè moun Filisti yo jouk rive toupre lavil Bètka. Sou tout wout la yo bat yo byen bat. Lè sa a, Samyèl pran yon wòch, li mete l' ant lavil Mispa ak lavil Chenn. Li rele wòch la Ebenezè, paske li t'ap di: Jouk jòdi a se Seyè a ki pote nou sekou. Se konsa moun Filisti yo te pèdi batay la nèt. Yo pa janm rekonmanse anvayi teritwa moun Izrayèl yo ankò. Seyè a te kenbe yo anba men l' pandan tout tan Samyèl te vivan. Tout lavil moun Filisti yo te pran, depi lavil Ekwon jouk lavil Gat, tout te tounen nan men moun Izrayèl yo ankò. Se konsa pèp Izrayèl la te mete moun Filisti yo deyò sou tout teritwa ki te pou yo. Epitou pa t' gen lagè menm ant moun Izrayèl yo ak moun Amori yo. Samyèl gouvènen pèp Izrayèl la jouk li mouri. Chak lanne li te fè vizit nan tout peyi a, li pase lavil Betèl, lavil Gilgal ak lavil Mispa. Nan tout lavil yo, li te konn regle tout kont moun yo te gen yonn ak lòt. Apre sa, li tounen lakay li lavil Rama kote li te konn regle zafè pou pèp Izrayèl la tou. Li te bati yon lotèl pou Seyè a lavil Rama.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.