David di nan kè l': -Yon jou konsa Sayil ap touye m'. L'a pi bon pou mwen si m' sove al kache nan peyi Filisti a. Konsa, Sayil va sispann mache chache m' nan tout peyi pèp Izrayèl la. p'ap gen danje pou mwen ankò. David leve ansanm ak sisan (0600) moun pa l' yo, y' ale kay Akich, pitit gason Maòk la, ki te wa lavil Gat. David ak mesye l' yo rete ak Akich lavil Gat ak tout fanmi yo. David te gen de madanm ak li: Akinoam, yon fanm lavil Jizreyèl ak Abigayèl, madan defen Nabal, moun lavil Kamèl. Lè Sayil vin tande David te kouri al kache lavil Gat, li sispann mache chache l' pou mete men sou li. David di Akich konsa: -Si ou se zanmi m' vre, ban m' yon ti plas nan yonn nan bouk andeyò yo pou m' rete. Pa gen rezon, monwa, pou m' rete viv ansanm avè ou nan kapital la. Se konsa, jou sa a, Akich ba li lavil Ziklag. Se poutèt sa, depi jou sa a, lavil Ziklag toujou rete pou wa peyi Jida yo. David pase ennan kat mwa ap viv nan peyi moun Filisti yo. Tanzantan, David ak mesye l' yo te konn pati al atake moun Jechou yo, moun Jizi yo ak moun Amalèk yo jouk lakay yo. Depi tout tan se pèp sa yo ki te rete nan zòn ki soti depi lavil Telayim, nan direksyon lavil Chou rive jouk peyi Lejip. Se konsa, David te dechèpiye tout peyi a, li touye fanm kou gason. Li pran mouton moun yo, bèf yo, bourik yo, chamo yo, ata rad yo. Lèfini, li tounen al jwenn Akich. Lè Akich mande l': -Ki kote ou t' al demele ou jòdi a? David te kouri reponn li se nan zòn Negèv nan peyi Jida a, osinon nan zòn sid peyi moun Jerakmeyèl yo, ou ankò nan zòn sid teritwa moun Kayen yo. Men David te toujou touye tout moun, fanm kou gason, paske li t'ap di nan kè l' konsa pesonn p'ap ka al di moun lavil Gat yo sa li te fè yo. Se sa David t'ap mache fè pandan tout tan li pase nan peyi Filisti a. Akich menm te fè David konfyans. Li t'ap di nan kè l': -Msye tèlman fè moun pèp Izrayèl yo rayi l', l'ap blije rete pase tout rès lavi l' ap sèvi m'.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.