Sayil te majè lè yo te fè l' wa. Li pase kèk tan ap gouvènen pèp Izrayèl la. Sayil chwazi twamil (03000) gason nan pèp Izrayèl la, epi li voye tout rès yo al lakay yo. Li pran demil gason, li fè yo rete avè l' lavil Mikmas ak nan mòn Betèl la. Lòt mil yo te avèk Jonatan, pitit gason Sayil la, lavil Gibeya nan peyi moun Benjamen yo. Jonatan touye chèf moun Filisti yo ki te rete lavil Gibeya a. Moun Filisti yo vin konn sa. Sayil voye moun kònen twonpèt nan tout peyi a pou avèti pèp ebre a. Nouvèl la gaye nan tout pèp Izrayèl la: Sayil te touye chèf moun Filisti yo. Koulye a moun Filisti yo pa vle wè pèp Izrayèl la. Se konsa tout pèp la vin jwenn Sayil lavil Gilgal, yo kanpe avè l'. Moun Filisti yo menm, bò pa yo tou, sanble pou y' al atake pèp Izrayèl la. Yo te gen trantmil (030.000) cha lagè, simil (06000) kavalye. Pou sòlda apye menm, moun pa t' ka konte sa. Ou ta di grenn sab bò lanmè. Yo moute al pran pozisyon bò lavil Mikmas, sou bò solèy leve lavil Bètavenn. Moun pèp Izrayèl yo wè zafè a pa t' bon pou yo menm. Moun Filisti yo te atake moun pèp Izrayèl yo ak fòs. Pèp Izrayèl la vin pèdi espwa. Sa pa t' bon menm pou yo. Gen ladan yo ki al kache nan gwòt, nan twou wòch, dèyè gwo wòch, nan pi, nan twou anba tè. Genyen ki menm janbe lòt bò larivyè Jouden an, al nan peyi moun Gad yo ak moun Galarad yo. Sayil menm te lavil Gilgal toujou. Tout moun ki te avè l' yo t'ap tranble sitèlman yo te pè. Dapre dat Samyèl te fikse ba li a, li rete la sèt jou ap tann Samyèl. Sèt jou yo pase, Samyèl pa vin lavil Gilgal. Pèp la konmanse vire do yo kite Sayil. Lè Sayil wè sa, li di yo: -Mennen bèt pou boule nan dife yo ban mwen ansanm ak lòt ofrann pou mande Bondye padon yo. Epi li fè ofrann pou boule nan dife a. Li t'ap fini fè sèvis ofrann pou boule nan dife a lè Samyèl parèt. Sayil al kontre l' pou di l' bonjou. Samyèl di li: -Kisa ou fè konsa? Sayil reponn li: -Mwen wè pèp la t'ap pati kite m'. Ou menm, ou pa t' vini lè ou te di ou t'ap vini an. Lèfini, moun Filisti yo t'ap sanble bò lavil Mikmas la. Mwen di nan kè m': Men moun Filisti yo pral vin atake m' isit la lavil Gilgal, epi mwen pa fè anyen pou mete Seyè a bò kote m'. Se konsa mwen pran sou kont mwen pou m' fè ofrann bèt pou boule nan dife pou Seyè a. Samyèl di Sayil konsa: -Se bagay moun fou ou fè la a! Ou pa swiv lòd Seyè a, Bondye ou la, te ba ou. Si ou te swiv lòd li, li ta kite ou gouvènen pèp Izrayèl la, lèfini pitit ou yo ta ranplase ou jouk sa kaba. Men koulye a, rèy ou pa la pou lontan. Seyè a pral chache yon lòt moun ki va fè tou sa l'a vle l' fè, l'a mete l' chèf sou pèp li a, tou sa paske ou pa t' swiv lòd Seyè a te ba ou a. Epi Samyèl leve, li kite lavil Gilgal l' al fè wout li. Tout rès pèp la pran swiv Sayil ki leve al jwenn sòlda li yo. Yo pati kite Gilgal, y' ale lavil Gibeya nan peyi moun Benjamen yo. Sayil fè enspeksyon lame ki te avè l' la. Te gen sisan (0600) sòlda konsa. Sayil rete nan peyi moun Benjamen yo ansanm ak Jonatan, pitit gason l' lan, ak moun ki te avè l' yo. Moun Filisti yo menm pran pozisyon lavil Mikmas. Sòlda Filisti yo soti kote yo te ye a pou y' al kraze brize. Yo fè twa gwoup. Yon gwoup pran chemen ki mennen lavil Ofra nan peyi Chwal la. Yon lòt gwoup pran chemen ki mennen lavil Bètowon, ak yon lòt gwoup pran chemen ki mennen sou fwontyè a, kote moun ka donminen tout fon Zeboyim lan ale nan dezè a. Lè sa a, nan tan sa a, nan tout peyi Izrayèl la yo pa t' ka jwenn fòjon paske moun Filisti yo te soti pou pa kite ebre yo fè ni nepe ni lans fè. Se konsa, moun pèp Izrayèl yo te blije al lakay moun Filisti yo pou fè dan chari yo, wou yo, rach yo ak kouto digo yo. Moun Filisti yo te mande yo yon ti pyès ajan pou file chak dan rach epi pou fè pwent frenn yo, de ti pyès ajan pou fè dan chari yo ak pwent wou yo. Se sa ki fè, lè jou batay la rive, pa t' gen yonn nan mesye ki te avèk Sayil ak Jonatan yo ki te gen yon nepe osinon yon lans fè. Sèl Sayil ak Jonatan, pitit gason l' lan, te gen yonn pou yo chak. Moun Filisti yo voye yon ganizon al defann pas Mikmas la.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.