Lè sa a, Samyèl te timoun toujou, li t'ap sèvi Seyè a sou zòd Eli. Nan tan sa a se pa t' fasil pou Seyè a te pale ak moun. Se bagay ki te ra anpil pou Seyè a te fè moun wè l'. Je Eli yo te fin bese, li pa t' ka wè ladan yo ankò. Yon jou lannwit, Eli te kouche nan chanm li ap dòmi. Samyèl menm te kouche nan Tanp Seyè a, nan pyès kote Bwat Kontra Bondye a te ye a. Lanp lan te limen toujou. Seyè a rele Samyèl. Samyèl reponn: -Men mwen wi! Epi li leve, l' al jwenn Eli, li di l': -Men mwen wi! M' tande ou rele m'! Eli reponn li: -Mwen pa rele ou non! Tounen nan kabann ou. Samyèl ale, li kouche. Seyè a rele l' ankò. Samyèl leve, l' al jwenn Eli, li di l': -Men mwen wi! Mwen tande ou rele m'! Men, Eli reponn li: -Pitit mwen, mwen pa rele ou. Al kouche tande! Samyèl pa t' ankò konnen Seyè a paske Seyè a pa t' ankò janm pale avè l' anvan sa. Seyè a rele Samyèl yon twazyèm fwa. Samyèl leve, l' al jwenn Eli, epi li di l': -Mwen tande ou rele m'. Men mwen wi! Fwa sa a, Eli vin konprann se Seyè a ki t'ap rele ti gason an. Li di Samyèl konsa: -Al kouche tande! Si ou tande yo rele ou ankò, w'a reponn: Pale non, Seyè! Sèvitè ou la ap koute ou! Samyèl ale, li kouche nan kabann li. Seyè a vini, li kanpe, epi li rele l' jan l' te fè l' anvan an: -Samyèl! Samyèl! Samyèl reponn: -Pale non! Sèvitè ou la ap koute ou! Seyè a di l' konsa: -Mwen pral fè yon gwo bagay nan mitan pèp Izrayèl la. Lè moun va tande sa, yo pral sezi. Jou sa a, tout malè mwen te di Eli ki pou te rive fanmi l' yo pral rive vre san manke yonn. Mwen te di l' mwen tapral pini fanmi l' lan yon sèl kou pou m' fini ak yo poutèt pitit gason l' yo. Li konnen yo t'ap fè sa ki mal, yo t'ap pale Bondye mal, epi li pa di yo anyen. Se poutèt sa mwen te fè moun fanmi Eli yo konnen mwen sèmante pa gen ankenn bèt yo ka touye ni ankenn ofrann ki ka fè m' padonnen peche yo fè a. Samyèl rete nan kabann li jouk denmen maten. Li leve granmaten, li louvri tout pòt nan Tanp Seyè a. Men, li te pè al rakonte Eli vizyon li te fè a. Men Eli rele l': -Samyèl, pitit mwen! Samyèl reponn li: -Men mwen wi! Eli mande l': -Kisa Seyè a di ou konsa? Tanpri pa kache m' anyen. Se pou Bondye ba ou pi gwo pinisyon ki genyen si ou kache m' anyen nan sa li di ou la. Se konsa Samyèl rapòte l' tout pawòl Seyè a san kache l' anyen. Epi Eli di l': -Se Seyè a li ye, l'a fè tou sa li wè ki bon. Samyèl t'ap grandi, Seyè a te avèk li. Li te fè tout pawòl ki te soti nan bouch Samyèl rive vre. Konsa, tout pèp Izrayèl la, depi moun ki te rete nan peyi Dann lan jouk sa ki rete lavil Bècheba, te vin rekonèt Samyèl tankou yon bon pwofèt k'ap pale pawòl Seyè a. Seyè a menm te toujou ap parèt lavil Silo, paske se la li te konn fè Samyèl wè li, se la li te konn pale ak li.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.