Lè David fin pale ak Sayil, kè Jonatan, pitit gason Sayil la, vin louvri pou David. Li vin renmen l' tankou li renmen tèt pa li. Depi jou sa a, Sayil fè David rete ak li, li pa kite l' tounen lakay papa l' ankò. Jonatan mare zanmi ak David pou tout tan, paske li te renmen l' tankou li te renmen tèt pa li. Li wete gwo rad ki te sou li a, li bay David li ansanm ak tout bagay li te genyen, ata nepe li, banza li ak sentiwon l'. Chak fwa Sayil te voye David an misyon, kote li pase, li toujou reyisi. Se konsa Sayil moute l' grad, li fè l' chèf nan lame a. Sa te fè tout moun Sayil yo ansanm ak tout pèp la plezi. Sòlda yo t'ap tounen lakay yo. Lè sa a, David te fin touye sòlda Filisti a, li t'ap tounen lakay li tou. Yon bann medam soti nan tout lavil peyi Izrayèl la vin kontre wa Sayil. Yo t'ap chante, yo t'ap danse, yo t'ap jwe tanbouren, yo t'ap bat ògàn, yo t'ap chante pou fè kè moun kontan. Medam yo t'ap fè fèt, yo t'ap danse, yo t'ap di: -Sayil desann mil. David desann dimil. Sayil pa t' renmen sa menm, li te fache. Li t'ap di: -Anhan! Yo di David touye dimil (010.000), mwen menm, yo di m' touye mil ase! Sèl bagay ki rete la a, se wa ase yo poko fè l' wa! Depi jou sa a, Sayil gade David ak move je. Nan denmen, Bondye voye yon move lespri desann sou Sayil. Msye t'ap depale nan tout kay la, tankou yon moun fou. David menm t'ap jwe gita, jan li te konn fè l' chak jou a. Sayil te kenbe frenn li nan men l'. Sayil di nan kè l': Mwen pral kloure David sou miray la, epi li voye frenn lan an de fwa sou David. Men, chak fwa, David eskive frenn lan. Sayil te pè David anpil, paske Seyè a te vire do bay Sayil, se avèk David li te ye koulye a. Se konsa Sayil voye David al byen lwen, li wete l' anba je l'. Li mete l' chèf sou mil sòlda. David pa t' chita menm, tout tan li te nan goumen. Men, kote li pase li toujou kraze lènmi yo, paske Seyè a te kanpe avèk li. Sayil wè ki jan David t'ap reyisi kote l' pase, li vin pè l' pi rèd. Men, tout moun nan peyi Izrayèl ak nan peyi Jida te renmen David paske se li yo te konnen pou chèf lame a. Yon lè Sayil di David konsa: -Men Merab, premye pitit fi mwen an. M'ap ba ou l' pou madanm. Sèl bagay se pou fè m' wè se yon vanyan gason ki pa pè batay ou ye, se pou ou goumen tout kote Seyè a va voye ou al goumen pou li! Sayil t'ap di nan kè l': Konsa, se moun Filisti yo ki pral touye David, mwen p'ap bezwen fè l' mwen menm. David di Sayil: -Kisa m' ye? Kisa m'ap fè pou m' viv? Kisa fanmi papa m' ye konsa nan peyi Izrayèl la pou m' marye ak pitit fi wa a? Men, lè lè a rive pou yo te marye Merab ak David, wa a marye Merab ak Adriyèl, moun lavil Meola. Men, Mikal, yon lòt pitit fi Sayil te genyen, te tonbe pou David. Lè y' al di Sayil sa, bagay la te fè l' plezi. Sayil t'ap di nan kè l': M'ap bay David Mikal pou madanm. L'ap tounen yon pèlen pou li, epi moun Filisti yo va touye l'. Se konsa Sayil rele David yon dezyèm fwa, li di l': -Monchè, ou pral vin bofi mwen. Li pale sou kote ak moun pa l' yo, li ba yo lòd pou y' al jwenn David an prive pou yo di l': Wa a kontan ou anpil, epi tout moun pa l' yo renmen ou. Se yon bon lè koulye a pou ou marye ak pitit fi wa a. Se konsa y' al di David sa. David reponn yo: -Se bèl bagay pou yon moun marye ak pitit fi wa a. Men, se yon bagay ki twòp pou yon moun ki pòv, ki pa anyen tankou m'. Moun Sayil yo al rapòte wa a sa David te di a. Epi Sayil di yo: -Men sa n'a di David: Wa a pa bezwen ou ba l' ankenn lajan pou ou marye ak pitit fi li a. Sèlman sa li ta renmen, se san po ti kòk moun Filisti. Konsa, l'a tire revanj sou lènmi li yo. Sayil te fè plan sa a pou David te ka tonbe nan men moun Filisti yo. Moun Sayil yo al rapòte pawòl sa yo bay David. David te asepte kondisyon an pou li marye ak pitit fi wa a. Anvan lè a rive pou yo fè maryaj la, David leve, li pati ak sòlda li yo. Li touye desan (0200) moun Filisti. Li pote po ti kòk yo bay wa a. Li konte yo yonn pa yonn, li renmèt li yo san manke yonn, pou l' te ka tounen bofi wa a. Se konsa Sayil marye Mikal, pitit fi li a, ak David. Lè Sayil vin konprann non sèlman Seyè a te avèk David, men Mikal, pwòp pitit fi Sayil la, te renmen David tou, Sayil te vin pè David plis toujou. Depi jou sa a li te lènmi David jouk jou li mouri. Lame moun Filisti yo te konn vin atake yo. Men chak fwa, nan tout chèf k'ap sèvi ak Sayil yo, se toujou David ki te resi kenbe tèt ak yo pi byen. Tout moun nan peyi a te vin konsidere l' anpil.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.