Lè moun Filisti yo sezi Bwat Kontra Bondye a bò lavil Ebenezè, yo pote l' ale lavil Asdòd. Yo antre avè l' nan tanp Dagon, bondye pa yo a. Yo mete l' sou kote estati Dagon an. Nan denmen maten byen bonè, lè moun lavil Asdòd yo leve, yo wè estati Dagon an te tonbe fas atè devan Bwat Kontra Bondye a. Yo pran estati Dagon an, yo mete l' kanpe nan plas li ankò. Nan denmen ankò lè yo leve nan maten, yo wè estati Dagon an te tonbe fas atè devan Bwat Kontra Seyè a. Tèt li ak de bra l' yo te kraze, yo te sou papòt tanp lan. Se rès kò a ase ki te rete. Se poutèt sa, jouk koulye a, ni prèt Dagon yo ni moun k'ap antre nan tanp Dagon an lavil Asdòd, lè yo rive devan pòtay la, yo sote papòt la, yo pa janm pile li. Seyè a t'ap manyen ak pèp lavil Asdòd la, li te mete yo vant ba. Li fè yon bann gwo bouton soti sou yo ak sou moun ki t'ap viv nan vwazinaj lavil la. Lè moun lavil Asdòd yo wè sa ki te rive yo a, yo di: -Pa kite Bwat Kontra Bondye pèp Izrayèl la nan mitan nou ankò! Se pa ti kras kale l'ap kale Dagon, zidòl nou an, ansanm ak nou. Se konsa yo voye chache senk chèf moun Filisti yo, epi yo di yo: -Kisa pou nou fè ak Bwat Kontra Bondye pèp Izrayèl la? Chèf yo reponn: -Pote l' ale lavil Gat. Se konsa yo pote Bwat Kontra Bondye pèp Izrayèl la lavil Gat. Men, lè Bwat Kontra a rive la, Seyè a manyen ak moun lavil la. Li fè yon sèl kouri pete nan lavil la. Bondye pini yo, li voye yon kalite gwo bouton ki leve sou tout kò moun lavil la, timoun kou granmoun. Se konsa yo voye Bwat Kontra a lavil Ekwon. Rive li rive la, moun yo pran rele: -Men yo pote Bwat Kontra Bondye pèp Izrayèl la lakay nou. Se touye yo vle touye tout moun isit la! Yo fè chache senk chèf moun Filisti yo. Yo di yo: -Voye Bwat Kontra Bondye pèp Izrayèl la tounen nan plas li, pou li pa touye tout moun isit yo. Tout lavil la te tèt anba, moun t'ap mouri paske Seyè a t'ap manyen rèd ak yo. Sa ki pa t' mouri yo te gen tout kò yo kouvri ak bouton. Tout moun t'ap rele mande bondye pa yo sekou.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.