Isaka te gen kat pitit gason: Tola, Fwa, Yachoub ak Chimwon. Tola te gen sis pitit gason: Ouzi, Refaja, Jeryèl, Jakmayi, Jibsam ak Samyèl. Se yo ki te chèf fanmi Tola yo. Se te yon bann vanyan sòlda brave danje. Sou rèy David te gen venndemil sisan (022.600) moun nan branch fanmi sa a. Ouzi te gen yon sèl pitit gason: Jizrakya. Jizrakya te gen kat pitit gason: Mikayèl, Obadya, Joèl ak Jichiya. Sa fè antou senk chèf fanmi. Yo te gen anpil madanm ak anpil pitit gason. Se konsa branch fanmi sa a te bay anpil gason bon pou fè lagè. Antou trannsimil (036.000). Lè yo konte tout branch fanmi Isaka a dapre rejis fanmi yo, yo te rive sou katrevensètmil (087.000) gason antou, tout vanyan sòlda. Benjamen te gen twa pitit gason: Bela, Bekè ak Jedyayèl. Bela te gen senk pitit gason: Esbon, Ouzi, Ouzyèl, Jerimòt ak Iri. Yo tout te chèf fanmi yo. Yo te vanyan sòlda. Dapre rejis fanmi yo, yo te rive gen venndemil trannkat (022.034) moun nan fanmi yo. Men non pitit gason Bekè yo: Zemira, Joas, Elyezè, Elioenayi, Omri, Jeremòt, Abija, Anatòt ak Alamèt. Yo tout te pitit gason Bekè, chèf fanmi yo, tout vanyan sòlda. Dapre rejis fanmi yo, te gen venmil desan (020.200) gason antou sou zòd yo. Men pitit Jedyayèl la: Bilan. Men pitit Bilan yo: Jeouch, Benjamen, Eyoud, Kenana, Zetan, Tasis ak Akichaka. Yo tout te moun fanmi Jedyayèl, chèf fanmi yo ak vanyan sòlda. Yo te gen disètmil desan (017.200) gason bon pou fè lagè. Iri te gen de pitit gason: Choupim ak Oupim. Ouchim te pitit Ayè. Men pitit gason Neftali yo: Jazeyèl, Gouni, Jezè ak Chaloum. Yo tout te pitit pitit Bila. Men pitit gason Manase te fè ak fanm kay peyi Siri a: Asriyèl ak Maki, papa Galarad. Maki fè afè ak Maka, yon fanm nan fanmi Oupim ak Choupim. Dezyèm pitit gason Maki a te rele Zelofeyad. Zelofeyad te fè pitit fi ase. Maka, madan Maki, fè yon pitit gason. Li rele l' Perès. Frè Perès la te rele Serès. Serès te gen de pitit gason: Oulam ak Rekèm. Oulam fè yon pitit gason yo te rele Bedan. Yo tout te pitit Galarad, ki te pitit Maki, ki li menm te pitit Manase. Sè Maki a te rele Amolekèt. Li fè twa pitit gason: Ichòd, Abyezè ak Makla. Men pitit Chemida yo: se te Akcham, Sichèm, Liki ak Anyam. Efrayim te papa Soutelak ki te papa Berèd. Berèd te papa Taka ki te papa Elada. Elada te papa Taka ki te papa Zabad. Zabad te papa Soutelak. Efrayim te gen de lòt pitit gason: Ezè ak Elad. Men, moun ki rete nan zòn Gad la touye yo paske yo te vin vòlò mouton yo. Lè sa a, Efrayim, papa yo, te pran lapenn pou yo pandan lontan. Se fanmi l' yo ki vin ba l' kouraj. Apre sa, li al kouche ak madanm li. Madanm lan vin ansent, li fè yon pitit gason, li rele l' Berya paske malè te tonbe sou kay la. Chera, pitit fi Berya a, bati Bètowon anba ak Bètowon anwo. Se li ki bati Ouzennchera tou. Berya te papa Refak ki te papa Rechèf. Rechèf te papa Tela ki te papa Takan. Takan te papa Layedan ki te papa Amiyoud. Amiyoud te papa Elichama ki te papa Noun. Noun te papa Jozye. Pòsyon tè yo te ba yo pou yo te rete a se zòn lavil Betèl ak tout ti bouk ki sou lòd li yo, rive lavil Naaran sou bò solèy leve, lavil Gezè ak tout ti bouk ki sou lòd li yo sou bò solèy kouche, ak zòn lavil Sichèm jouk lavil Aja ak tout ti bouk ki sou lòd li yo. Moun Manase yo te kontwole lavil Bèt Chean ak tout ti bouk ki sou lòd li yo, lavil Tanak ak tout ti bouk ki sou lòd li yo, lavil Megido ak tout ti bouk ki sou lòd li yo, ak lavil Dò ak tout ti bouk ki sou lòd li yo. Se nan lavil sa yo moun branch fanmi Jozèf, pitit Jakòb la, t'ap viv. Asè te gen kat pitit gason: Imna, Ichva, Ichvi, Berya ak yon pitit fi ki te rele Sera. Berya te gen de pitit gason: Ebè ak Malkyèl. Se Malkyèl sa a ki te tabli lavil Bizayit. Ebè te gen twa pitit gason: Jaflè, Chomè, Otam ak yon pitit fi yon te rele Chwa. Jaflè te gen twa pitit gason tou: Pasak, Bimal ak Achvat. Chomè, frè Jaflè a, te gen twa pitit gason tou: Wogach, Wouba ak Aram. Otam, lòt frè li a, te gen kat pitit gason: Zofa, Imna, Chelèk ak Amal. Men pitit Zofa yo: Swa, Anefè, Chwal, Beri, Imra, Bezè, Wòd, Chama, Chilcha, Jitran, Bera. Men pitit Jezè yo: Jefounè, Pispa ak Ara. Men pitit Oula yo: Ara, Anyèl ak Rizya. Tout moun sa yo te moun branch fanmi Asè. Yo tout te chèf fanmi, vanyan sòlda, grannèg. Dapre rejis fanmi yo, te gen vennsimil (026.000) gason ki te gen laj pou fè sèvis lame, epi ki te bon pou fè lagè.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.