Iram, wa lavil Tir la, delege kèk mesaje bò kote David ak yon chajman bwa sèd. Li voye tou kèk bòs mason ak bòs chapant pou bati yon palè pou li. Lè sa a atò, David wè tout bon vre se Seyè a menm ki te mete l' wa pèp Izrayèl la, epi ki te fè tout bagay mache byen pou gouvènman li, akòz pèp Bondye a, pèp Izrayèl la. Lè David te lavil Jerizalèm, li pran lòt madanm ki ba li lòt pitit gason ak lòt pitit fi. Men non pitit David ki te fèt lavil Jerizalèm: Chamwa, Choba, Natan, Salomon, Jibka, Elichwa, Elpelèt, Noga, Nefèg, Jafya, Elichama, Baalyada ak Elifelèt. Lè moun Filisti yo vin konnen yo te mete David wa pou tout pèp Izrayèl la, yo tout yo leve pou y' al mete men sou li. Lè David li menm pran nouvèl la, li soti al kontre yo. Moun Filisti yo rive, yo anvayi tout fon Refayim lan. David pale ak Bondye, li mande l': -Eske se pou m' atake moun Filisti yo? Eske w'ap lage yo nan men m'? Seyè a reponn li: -Wi, atake yo. M'ap lage yo nan men ou. David moute Baal Perazim, li kraze moun Filisti yo. Le sa a, David di: -Tankou yon lavalas, Bondye sèvi avè m' pou l' louvri yon pasaj nan mitan lènmi m' yo. Se poutèt sa yo rele kote sa a Baal Perazim. Moun Filisti yo te kouri kite zidòl yo dèyè. David bay lòd pou yo boule yo nan dife. Apre sa, moun Filisti yo tounen nan fon an ankò pou fè piyay. David mande Bondye sa pou li fè. Bondye di li: -Pa atake yo pa devan bò isit la. Fè yon detou, pase pa dèyè yo. W'a atake yo bò pye gayak yo. Lè w'a tande yon bri tankou bri pye yon moun k'ap mache sou tèt pyebwa yo, w'a fonse sou yo. Paske sa vle di se mwen menm Bondye k'ap pran devan ou pou bat lame moun Filisti yo. David fè sa Seyè a te mande l' fè a. Yo bat lame moun Filisti yo, yo kouri dèyè yo depi lavil Geba rive lavil Gezè. Se konsa toupatou yo t'ap nonmen non wa David. Seyè a te fè tout nasyon yo pè li.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.