Lèfini, David pale ak tout moun ki te sanble la yo, li di yo konsa: -Salomon, pitit gason m' lan, se li menm Bondye chwazi, men li jenn anpil, li pa gen esperyans. Travay la anpil, paske se pa yon kay pou moun li pral bati, men yon tanp pou Bondye, Seyè a. Mwen fè sa m' te kapab pou m' te pare materyo pou tanp lan: lò, ajan, kwiv, fè, bwa, bèl pyè oniks, bèl pyè pou sèvi ganiti, pyè malachit ak tout kalite lòt koulè, tout kalite bèl pyè koute chè ak mab an kantite. Men, pou mete sou tou sa mwen pare pou kay n'ap mete apa pou Seyè a, mwen pran lò ak ajan mwen te genyen, mwen bay tout paske mwen renmen kay Bondye a anpil: sanmil (0100.000) kilo bon lò ki soti nan peyi Ofi, ak desantrant (0230) kilo bon ajan pou dekore miray Tanp lan, pou fè tout bèl bagay an lò osinon an ajan bòs atizan yo gen pou fè. Koulye a, kilès ankò ki vle bay ak tout kè li pou Bondye? Lè sa a, chèf branch fanmi yo, chèf chak fanmi pèp Izrayèl la, tout chèf rejiman mil sòlda yo ak chèf divizyon san sòlda yo, ak tout jeran ki t'ap travay pou wa a, fè kado yo te vle fè. Yo bay sanswasannsenk (0165) kilo lò, twasantrantmil (0330.000) kilo ajan, sètsanmil (0700.000) kilo kwiv konsa, ak twa milyon twasanmil (03,300.000) kilo fè pou travay Tanp lan. Sa ki te gen bèl pyè koute chè bay yo pou trezò Tanp lan ki te sou kont Jeyèl, yon moun Levi nan fanmi Gèchon an. Pèp la menm te kontan bay sa yo t'ap bay pou Seyè a paske yo te fè l' ak tout kè yo. Wa David tou te kontan anpil. Lè sa a, David fè lwanj Bondye devan tout pèp la ki te reyini. Li di konsa: -Lwanj pou ou, Seyè a, Bondye Izrayèl, papa nou, depi tout tan ak pou tout tan! Seyè, ou gen pouvwa, ou gen kouraj! Se pou ou tout lwanj. W'ap donminen sou tout bagay pou tout tan. Tou sa ki nan syèl la ak sou latè a se pou ou yo ye. Se ou menm Seyè ki sel wa, paske ou sèl chèf sou tout bagay. Se nan men ou tout richès ak tout byen soti. Ou gouvènen tout bagay avèk fòs ponyèt ou ak pouvwa ou. Se ou menm ki bay tout moun pouvwa ak fòs. Koulye a, Bondye nou, nou di ou mèsi. N'ap fè lwanj pou ou sitèlman ou gen pouvwa. Men, kisa m' ye, kisa pèp mwen an ye menm, pou m' ta kapab ofri ou tout bagay sa yo ak tout kè nou? Se nan men ou tout bagay sa yo soti, se nan sa nou resevwa nan men ou n'ap ba ou. Seyè, ou konnen, devan ou se pase n'ap pase tankou moun k'ap vizite, menm jan ak tout zansèt nou yo. Lavi nou sou latè tankou yon nwaj k'ap pase. Wè pa wè fòk nou mouri. Seyè, Bondye nou, nou pare tout richès sa yo pou bati yon kay pou ou, ou menm ki yon Bondye apa. Men, se nan men ou yo tout yo soti, se pou ou yo tout ye. Mwen konnen, Bondye mwen, ou sonde kè tout moun, ou kontan ak moun ki mache dwat. Se poutèt sa, ak tout kè mwen, mwen ofri ou tout bagay sa yo. Koulye a mwen wè jan pèp ou a ki sanble isit la, kontan pou yo pote ofrann pa yo pou ou tou ak tout kè yo. Seyè, Mèt, Bondye Abraram, Bondye Izarak ak Bondye Izrayèl, Bondye zansèt nou yo, tanpri, fè pèp ou a pa janm pèdi bon santiman sa yo ki nan kè yo jòdi a. Tanpri, bay Salomon, pitit gason m' lan, bon santiman tou pou li renmen ou nèt ale, pou li ka mache dapre lòd, regleman ak kòmandman ou yo nan tou sa l'ap fè, pou l' ka bati Tanp lan avèk tout materio mwen fin pare yo. Apre sa David pale ankò ak tout pèp la ki te reyini, li di yo: -Annou fè lwanj pou Seyè a, Bondye nou an! Tout pèp la nèt pran fè lwanj Seyè a, Bondye zansèt yo. Yo mete jenou yo atè, yo bese tèt yo byen ba devan Seyè a ak devan wa a. Nan denmen, yo ofri bèt pou yo touye pou Seyè a, yo boule kèk bèt nèt pou Seyè a: antou mil (01.000) ti towo bèf, mil (01.000) belye mouton, mil (01.000) jenn ti mouton ak ofrann diven ki fèt pou mache ak yo. Yo touye yon pakèt lòt bèt yo tè ofri bay Bondye pou pèp Izrayèl la. Jou sa a, yo manje, yo bwè ak gwo kè kontan dèvan Seyè a. Apre sa yon dezyèm fwa, yo fè deklarasyon yo rekonèt Salomon, pitit David la, pou wa yo. Yo fè sèvis mete l' apa pou l' chèf yo nan non Seyè a. Menm lè a, yo mete Zadòk apa pou l' sèvi granprèt nan non Seyè a tou. Se konsa Salomon pran plas David, papa l', sou fotèy gouvènman Seyè a te tabli a. Tout zafè l' te mache byen. Tout pèp Izrayèl la te obeyi l'. Tout chèf yo, tout sòlda yo ansanm ak tout lòt pitit David yo te rekonèt Salomon pou sèl chèf yo. Seyè a te bay Salomon yon bèl pozisyon devan pèp la. Li te fè gouvènman Salomon an kanpe fèm ak yon pouvwa ankenn lòt wa nan peyi Izrayèl la pa t' janm genyen anvan sa. David, pitit gason Izayi a, te gouvènen tout peyi Izrayèl la. Li pase karantan ap gouvènen pèp Izrayèl la. Pandan sètan li te rete lavil Ebwon. Pandan rès tranntwazan yo, li te rete lavil Jerizalèm. Lè li mouri, li te granmoun anpil, men kè li te kontan. Li te gen anpil richès. Tout moun t'ap fè lwanj pou li. Se Salomon, pitit gason l' lan, ki moute wa nan plas li. Se nan liv istwa pwofèt Samyèl, liv istwa pwofèt Natan ak liv istwa pwofèt Gad nou jwenn istwa tou sa David te fè depi nan konmansman jouk li mouri. Liv sa yo fè nou konnen jan li te gouvènen, jan li te yon vanyan gason, ansanm ak tou sa ki te rive l', tou sa ki pase nan peyi Izrayèl la ak nan lòt peyi yo tou.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.