Apre sa, wa David ak chèf moun Levi ki reskonsab sèvis nan Tanp lan te chwazi branch fanmi Asaf, branch fanmi Eyman ak branch fanmi Jedoutoun pou ba yo travay pa yo. Se yo ki pou bay mesaj Bondye yo, antan y'ap jwe gita, bandjo ak senbal. Men lis moun yo te chwazi yo ak travay yo chak: Asaf te gen kat pitit: Zakou, Jozèf, Netama ak Acharela. Yo te sou zòd Asaf. Se li ki te konn fè konnen mesaj Bondye yo chak lè wa a mande l' pou l' fè l'. Jedoutoun te gen sis pitit: Gedalya, Zeri, Izayi, Chimèy, Asabya ak Matatya. Yo te sou zòd Jedoutoun, papa yo. Se yo ki te konn fè konnen mesaj Bondye yo antan y'ap jwe gita, pou fè lwanj Bondye, pou di l' mèsi. Eyman te gen katòz pitit: Boukija, Matanya, Ouzyèl, Sebwèl, Jerimòt, Ananya, Anani, Elyata, Gidalti, Womanti-Ezè, Josbekacha, Maloti, Oti ak Maziòt. Bondye te bay Eyman, pwofèt wa a, katòz pitit gason sa yo ak twa pitit fi, dapre pwomès li te fè l' pou l' te ba li anpil pouvwa. Lè yo t'ap fè konnen mesaj Bondye yo, se yo ki te pou kònen twonpèt yo. Se Eyman, papa yo, ki t'ap dirije yo lè y'ap chante nan sèvis y'ap fè nan Tanp Bondye a, antan y'ap jwe gita, bandjo ak senbal. Asaf, Jedoutoun ak Eyman te sou zòd wa a. Sa te fè antou desankatrevenwit (0288) mizisyen ki te fò nan fè mizik, ansanm ak tout lòt moun Levi parèy yo ki te aprann chante pou Seyè a. Yo fè tout moun piye, gran kou piti, ni sa ki te fò nan fè mizik, ni sa ki te fèk konmanse aprann, pou yo te ka konnen lè pou yo fè travay yo nan sèvis la. -(We vèsè 31) -(We vèsè 31) -(We vèsè 31) -(We vèsè 31) -(We vèsè 31) -(We vèsè 31) -(We vèsè 31) -(We vèsè 31) -(We vèsè 31) -(We vèsè 31) -(We vèsè 31) -(We vèsè 31) -(We vèsè 31) -(We vèsè 31) -(We vèsè 31) -(We vèsè 31) -(We vèsè 31) -(We vèsè 31) -(We vèsè 31) -(We vèsè 31) -(We vèsè 31) -(We vèsè 31) Desankatrevenwit (0288) mesye sa yo te separe chak fanmi apa. Sa te fè vennkat gwoup. Chak gwoup te gen douz moun. Nan chak gwoup te gen yon chèf ak pitit gason l' yo ansanm ak frè l' yo. Men nan ki lòd yo te soti apre yo fin piye a. Premye a te Jozèf nan fanmi Asaf la, dezyèm lan Gedalya, twazyèm lan Zakou, katriyèm lan Jisri, senkyèm lan Netanya, sizyèm lan Boukya, setyèm lan Acharela, wityèm lan Izayi, nevyèm lan Matanya, dizyèm lan Chimeyi, onzyèm lan Azareyèl, douzyèm lan Achabya, trèzyèm lan Choubayèl, katòzyèm lan Matatya, kenzyèm lan Jerimòt, sèzyèm lan Ananya, disetyèm lan Josbekacha, dizwityèm lan Anani, diznevyèm lan Maloti, ventyèm lan Elyata, venteyenyèm lan Oti, venndezyèm lan Gidalti, venntwazyèm lan Maziòt, vennkatryèm lan Womanti-Ezè.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.