Moun Filisti yo leve yon sèl batay ak moun pèp Izrayèl yo sou mòn Gilboa. Anpil nan moun pèp Izrayèl yo te mouri, rès yo te kouri met deyò. Moun Filisti yo rive sou Sayil ak pitit gason l' yo. Yo touye Jonatan, Abinadab ak Malchichwa frèt. Batay la te mangonmen kote Sayil te ye a. Mesye ki t'ap voye flèch nan banza yo te konmanse ap vize sou li. Lè li wè sa, li pran tranble. Li rele gad kò ki t'ap pote zam li yo, li di l' konsa: -Rale nepe ou, touye m' pou bann moun sa yo ki pa sèvi Bondye pa gen tan rive sou mwen pou yo pase m' nan betiz. Men, gad kò a pa t' vle paske li te pè anpil. Lè sa a, Sayil pran nepe a, li vire l' tèt anba, li lage kò l' sou li. Lè gad kò a wè Sayil te mouri, li fè menm bagay la tou, li lage kò l' sou nepe pa li a, li mouri ansanm ak Sayil. Se konsa, ni Sayil ni twa pitit gason l' yo te mouri. Jou sa a, tout mesye Sayil yo te mouri. Moun pèp Izrayèl yo ki te rete nan fon an te wè sòlda pèp Izrayèl yo kouri epi Sayil ak pitit gason l' yo mouri. Lè sa a, yo leve kite lavil kote yo te rete yo, yo met deyò. Moun Filisti yo vini, yo pran lavil yo pou yo. Nan denmen apre batay la, moun Filisti yo tounen pou pran zam ki te sou kadav sòlda mouri yo, yo jwenn kadav Sayil ak kadav twa pitit gason l' yo kouche atè sou mòn Gilboa a. Yo koupe tèt Sayil, yo pran tout zam li yo. Lèfini, yo voye gaye bon nouvèl sa a nan tout peyi Filisti a, nan tanp zidòl yo ak nan zòrèy tout pèp la. Yo mete zam Sayil yo nan tanp Astate, zidòl yo a. Epi yo pran tèt li, yo kloure l' nan tanp Dagon an. Lè moun lavil Jabès yo, nan peyi Galarad, vin konnen sa moun Filisti yo te fè Sayil, tout mesye ki te brave danje yo leve, y' al pran kadav Sayil la ansanm ak kadav pitit gason l' yo, yo tounen ak yo lavil Jabès. Yo antere zosman yo anba pye tonmaren ki nan lavil Jabès la. Apre sa, yo pase sèt jou san manje. Se konsa Sayil mouri paske li pa t' kenbe pawòl li ak Seyè a. Li pa t' obeyi lòd Seyè a te ba li. Li te pito fè yo rele nanm moun mouri pou l' te konnen sa ki tapral rive l', pase pou l' te al mande Seyè a sa. Se poutèt sa Seyè a te touye l', li renmèt gouvènman an nan men David, pitit lzayi a.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.