David reyini tout chèf lamè a, ni sa ki te alatèt rejiman mil (01000) sòlda yo ni sa ki te alatèt divizyon san sòlda yo, li pran konsèy nan men yo. Lèfini, David di pèp Izrayèl la: -Si nou wè se yon bon lide, si se volonte Seyè a, Bondye nou an, nou pral voye misyon bay tout frè nou yo ki rete toupatou nan tout peyi a, bay tout prèt yo ak tout moun Levi yo nan lavil kote yo rete ak nan savann kote yo fè gadinaj, pou yo vin mete tèt yo ansanm ak nou, pou n' al chache Bwat Kontra Bondye nou an, paske nou te bliye l' pandan tout rèy Sayil la. Tout pèp la te dakò pou yo te fè sa, paske yo wè se te yon bon lide. Se konsa, David reyini tout pèp Izrayèl la nan tout peyi a, depi kannal Sikò sou fwontyè ak peyi Lejip la rive jouk Pas Amat la, pou y' al chache Bwat Kontra a lavil Kiriyat-Jarim. Se konsa li pati avèk tout pèp Izrayèl la, pou lavil Kiriyat-Jarim yo te rele Baala tou, nan peyi Jida, pou y' al chache Bwat Kontra Bondye a, bwat ki pote non Seyè ki gen tout pouvwa a, Seyè ki gen fotèy li anwo zanj cheriben yo. Lè yo rive kay Abinadab, yo pran Bwat la, yo mete l' sou yon kabwa tou nèf. Ouza ak Akijo t'ap mennen kabwa a. David ansanm ak tout moun Izrayèl yo menm t'ap danse ak tout nanm yo. Yo t'ap chante fè lwanj Seyè a, yo t'ap jwe gita ak bandjo, yo t'ap bat tanbouren ak senbal, yo t'ap kònen twonpèt. Lè yo rive bò glasi Kidon an, bèf yo bite, yo manke tonbe. Ouza lonje men l' pou kenbe Bwat Kontra a. Men, Seyè a move sou Ouza, li touye l' frèt, paske li pa t' dwe manyen Bwat Kontra a. Bondye touye l', Ouza mouri la menm devan Bondye. David menm te fache dèske Seyè a te touye Ouza. Se konsa yo rele kote sa a Perèz-Ouza. Non sa a rete jouk jounen jòdi a. Lè sa a, David vin pè Seyè a, li di konsa: -M' pa wè ki jan pou m' pran Bwat Kontra a avè m' koulye a! Se konsa, li pran desizyon pa pote Bwat Kontra Seyè a lakay li nan lavil David. Li fè yo pote l' kay Obèd-Edon, yon moun lavil Gat. Bwat la pase twa mwa lakay Obèd-Edon, Seyè a te beni fanmi Obèd-Edon ak tout bagay ki te pou yo.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.