Apre sa, mwen wè kat zanj kanpe nan kat kwen latè a. Yo t'ap kenbe kat van yo pou okenn van pa t' soufle ni sou tè, ni sou lanmè, ni sou okenn piebwa. Lè sa a, mwen wè yon lòt zanj ki moute soti bò kote solèy leve a. Li te gen nan men l' letanp Bondye vivan an. Li rele byen fò, li pale ak kat zanj yo ki te resevwa pouvwa pou ravaje tè a ak lanmè a, li di yo: Poko fè ni tè a, ni lanmè a, ni piebwa yo okenn donmaj. Tann nou fin make sèvitè Bondye yo ak letanp lan sou fwon yo. Apre sa, yo di m' kantite moun ki te make ak letanp Bondye a sou fwon yo. Te gen antou sankarannkatmil (144.000) nan tout branch ras pèp Izrayèl la. Te gen douzmil (12.000) nan branch Jida a ki te make ak letanp lan, douzmil nan branch Woubenn lan, douzmil nan branch Gad la, douzmil nan branch Asè a, douzmil nan branch Nèftali a, douzmil nan branch Manase a, douzmil nan branch Simeyon an, douzmil nan branch Levi a, douzmil nan branch Isaka a, douzmil nan branch Zabilon an, douzmil nan branch Jozèf la, douzmil nan branch Benjamen an. Apre sa, mwen gade ankò, mwen wè yon gwo foul moun. Pesonn pa t' kapab konte kantite ki te gen ladan li. Se te moun tout lòt nasyon, tout kalite ras, pèp tout peyi ak tout lang. Yo te kanpe la devan fòtèy la ak devan ti Mouton an. Yo te gen rad tou blan sou yo, yo te gen fèy palmis nan men yo. Yo t'ap rele byen fò, yo t'ap di: Se Bondye nou an ki chita sou fòtèy la. Se li menm ansanm ak ti Mouton an ki vin delivre nou. Tout zanj yo kanpe, yo fè yon wonn, yo mete fòtèy la, granmoun yo ak kat bèt vivan yo nan mitan yo. Yo lage kò yo atè devan fòtèy la, yo bese tèt yo byen ba pou adore Bondye, yo t'ap di: Se vre wi. Lwanj, onè, bon konprann, rekonesans, respè, pouvwa ak fòs, tou sa pou Bondye nou an pou tout tan. Amèn. Apre sa, yonn nan granmoun yo mande mwen: Moun sa yo ki gen rad tou blan sou yo a, ki moun yo ye? Ki bò yo soti? Mwen reponn li: Se ou menm ki konnen wi, mèt mwen. Lè sa a, li di mwen: Se moun ki pase anba gwo pèsekisyon an. Yo lave rad yo, yo blanchi yo nan san ti Mouton an. Se poutèt sa, yo kanpe la devan fòtèy Bondye a, lajounen kou lannwit y'ap sèvi nan tanp li a. Moun ki chita sou fòtèy la ap toujou la pou pwoteje yo. Yo p'ap janm grangou, yo p'ap janm swaf dlo. Ni solèy, ni okenn lòt gwo chalè p'ap kapab boule yo. Paske, ti Mouton ki nan mitan fòtèy la va tankou yon gadò pou yo. La mennen yo bò sous dlo ki bay lavi a. Se Bondye menm ki va siye dlo nan je yo.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.