Apre sa, mwen tande yon vwa ki t'ap soti nan tanp lan. Li t'ap pale ak sèt zanj yo, li t'ap di yo byen fò: Ale vide sèt gode kòlè Bondye a sou latè. Premie zanj lan pati, li vide gode pa l' la sou latè. Menm lè a, moun ki te gen mak bèt la sou yo, moun ki t'ap adore estati l' la, yo tout te kouvri ak move malenng ki t'ap fè yo soufri anpil. Dezyèm zanj lan vide gode pa l' la sou lanmè. Dlo a tounen tankou san moun mouri. Tout bèt vivan ki te nan lanmè a mouri. Twazièm zanj lan vide gode pa l' la nan tout gwo larivyè ak nan sous dlo yo, li fè yo tounen san. Mwen tande zanj ki te gen otorite sou dlo yo di: Ou gen rezon fè jijman sa a konsa, ou menm ki sen an, ou menm ki la, ki te toujou la. Paske moun sa yo te fè san pèp Bondye a ak san pwofèt yo koule. Koulye a ou ba yo san pou yo bwè. Yo jwenn sa yo merite a. Apre sa, mwen tande yon vwa ki soti nan lotèl la ki t'ap di: Wi, Bondye, Mèt ki gen tout pouvwa a, ou jije dapre laverite san patipri. Katriyèm zanj lan vide gode pa l' la sou solèy la. Sa te bay solèy la pouvwa pou l' te boule moun ak dife l' la. Yon gwo chalè t'ap boule moun. Moun menm pran joure Bondye ki te gen pouvwa sou tout kalamite sa yo. Men, atousa, yo te refize sispann fè peche pou yo te fè lwanj Bondye. Senkièm zanj lan vide gode pa l' la sou fòtèy bèt ki te wa a. Tout peyi bèt la tonbe nan fènwa. Moun t'ap mòde lang yo tèlman yo t'ap soufri. Yo t'ap joure Bondye nan sièl la poutèt doulè ak malenng yo t'ap soufri yo. Men, yo pa t' sispann fè mal yo t'ap fè a. Sizièm zanj lan vide gode pa l' la nan gwo larivyè Lefrat la. Riviè a cheche pou l' te ka kite wa ki soti bò kote solèy leve yo pase. Apre sa, mwen wè twa move lespri ki t'ap soti yonn nan bouch dragon an, yonn nan bouch bèt la, yonn nan bouch fo pwofèt la. Yo te tankou krapo. Se te twa move lespri ki t'ap fè gwo mirak. Yo pral sanble deniè wa ki sou latè pou batay ki pral fèt nan gwo jou Bondye ki gen tout pouvwa a. Koute, m'ap vini tankou yon vòlè. Benediksyon pou moun ki pa kite dòmi pran yo, ki kenbe tout rad yo sou yo pou yo pa mache toutouni, pou yo pa wont moun wè yo konsa! Lespri yo sanble tout wa yo yon kote yo rele nan lang ebre a: Amagedon. Setièm zanj lan vide gode pa l' la nan lè a. Yon gwo vwa pran pale nan tanp lan. Li t'ap soti bò fòtèy la, li t'ap di: Bon! Tout bagay fini koulye a! Lè sa a zèklè pran fè yan, loraj t'ap gwonde nan sièl la, ansanm ak yon bann lòt bri ankò. Tè a menm pran tranble byen fò. Se pa t' yon ti tranblemanntè. Depi gen moun sou latè, yo pa t' janm wè tè a tranble konsa. Gwo lavil la fè twa moso. Lavil nan tout lòt peyi yo tonbe kraze. Bondye te chonje gwo lavil Babilòn lan, li fè l' bwè diven ki nan gode l' la, diven gwo kòlè l' la. Tout zile yo disparèt, pa t' gen mòn sou latè ankò. De gwo grenn lagrèl ki pese san (100) liv konsa soti nan sièl la tonbe sou moun. Moun menm t'ap joure Bondye poutèt kalamite lagrèl la, paske se te yon kalamite ki te terib anpil.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.