Apre sa mwen wè ti Mouton an kase yonn nan sèt sele yo. Lè sa a, mwen tande yonn nan kat bèt vivan yo pale, ou ta di yon kout loraj. Li di: Vini non! Mwen gade, mwen wè yon chwal blan. Moun ki te moute l' la te kenbe yon banza nan men l'. Yo ba l' yon kouwòn met sou tèt li. Li pati tankou yon moun ki fin genyen yon batay men ki soti pou l' genyen ankò. Apre sa, ti Mouton an kase dezyèm sele a. Mwen tande dezyèm bèt vivan an ki t'ap di: Vini non! Lè sa a, yon lòt chwal koulè wouj soti. Moun ki te moute l' la resevwa pouvwa pou l' mete lagè toupatou sou latè, pou lèzòm ka yonn touye lòt. Yo ba l' yon gwo nepe kenbe nan men li. Apre sa, ti Mouton an kase twazièm sele a. Mwen tande twazièm bèt vivan an ki t'ap di: Vini non! Mwen gade, mwen wè yon chwal nwa. Moun ki te moute l' la te kenbe yon balans nan men li. Mwen tande yon vwa ki soti nan mitan kat bèt vivan yo ki t'ap di: Yon mezi diri pou yon jounen travay. Twa mezi pitimi pou yon jounen travay. Men, pa manyen ni lwil la ni diven an. Apre sa, ti Mouton an kase katriyèm sele a. Mwen tande katriyèm bèt vivan an ki t'ap di: Vini non! Mwen gade, mwen wè yon chwal koulè vèt. Moun ki te moute l' la te rele lanmò. Moun ki kanpe pou kote mò yo ye a t'ap mache dèyè li. Yo ba yo pouvwa sou yon ka (1/4) latè a, pou yo touye moun ak nepe, ak grangou, ak maladi, ak bèt nan bwa ki sou latè. Apre sa, ti Mouton an kase senkièm sele a. Lè sa a, mwen wè anba lotèl la nanm tout moun yo te touye paske yo t'ap fè konnen Pawòl Bondye a, paske yo t'ap di verite a jan l' ye a. Yo t'ap rele byen fò: O Mèt, ou menm ki sen, ou menm ki verite a, konbe tan ou gen pou tann ankò anvan pou ou vini jije moun ki rete sou latè a, pou ou vin peni yo paske yo te touye nou? Yo ba yo chak yon rad blan mete sou yo. Apre sa, yo mande yo pran pasians pou yon ti tan ankò, jouk kantite frè ak kanmarad sèvis ki gen pou mouri tankou yo a fin kont. Apre sa, mwen wè ti Mouton an kase sizièm sele a. Lè sa a, yon gwo tranblemanntè fèt, sòlèy la vin tou nwa, tankou yon gwo moso twal nwa byen pwès. Lalin lan menm te vin tou wouj tankou san. Zetwal yo menm t'ap sot nan sièl la tonbe sou latè, tankou fig frans tou vèt k'ap tonbe lè gwo van ap souke pie fig la. Sièl la disparèt nèt tankou yon woulo papie yo vlope. Yo rache tout mòn yo ak tout zile yo, yo mete yo yon lòt kote. Tout wa sou latè, chèf, kòmandan, moun rich, grannèg ansanm ak tout lòt moun, kit yo esklav, kit yo lib, yo tout al kache nan twou wòch ak dèyè gwo wòch nan mòn yo. Yo t'ap pale ak mòn yo ansanm ak wòch yo tankou ak moun. Yo t'ap di yo: Tonbe sou nou. Kache nou pou moun ki chita sou fòtèy la pa wè nou, pou kòlè ti Mouton an pa tonbe sou nou. Paske, gwo jou kòlè a rive. Ki moun ki ka kenbe tèt avèk li?
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.