Lè sa a, yonn nan sèt zanj ki te kenbe sèt gode yo vin di mwen: Vini non. Mwen pral fè ou wè ki jan yo pral peni gwo jennès la, gwo lavil ki bati nan mitan gwo dlo yo. Wa latè yo lage kò yo nan dezòd avè l': Tout moun ki rete sou latè te sou ak diven movèz vi li a. Nan vizyon an, mwen wè zanj lan pote m' ale nan yon dezè. La, mwen wè yon fanm ki te chita sou yon bèt tou wouj. Bèt la te gen sèt tèt ak dis kòn. Tout kò l' te kouvri ak mo ki te jouman pou Bondye. Fanm lan te gen yon rad swa mòv ak wouj san sou li. Li te chaje ak bijou fèt an lò, ak piè tout koulè ansanm ak bèl grenn pèl. Li te kenbe nan men l' yon gode fèt an lò ki te plen ak madichon ansanm ak vie bagay sal lavi jennès li a. Te gen yon non ekri sou fwon li ki te gen yon sans kache: Gwo Babilòn, manman jennès yo ansanm ak tout bagay sal k'ap fèt sou latè. Mwen wè fanm lan te sou tèlman li te bwè san moun k'ap sèvi Bondye yo ak san tout moun yo te touye paske yo te pran pozisyon pou Jezi. Lè m' wè l', mwen te sezi anpil. Men, zanj lan di mwen: Poukisa ou sezi konsa? Mwen pral ba ou yon sekrè, mwen pral fè ou konnen ki sans pou ou bay fanm lan ansanm ak bèt k'ap pòte l' la, bèt ki gen sèt tèt ak dis kòn lan. Bèt ou wè a te vivan yon lè. Koulye a li pa vivan ankò. Li gen pou l' moute soti nan gwo twou san fon an, apre sa pou li al mouri nèt. Moun ki rete sou latè ki pa t' gen non yo ekri depi lè Bondye t'ap kreye tout bagay nan liv ki gen non moun ki gen lavi a, yo pral sezi anpil lè y'a wè bèt la. Paske li te vivan nan tan lontan, koulye a li pa la, men li gen pou l' parèt ankò. Se koulye a pou moun fè wè yo gen lespri ak bon konprann. Sèt tèt yo, se sèt ti mòn kote fanm lan chita a. Se sèt wa tou yo ye. Senk ladan yo gen tan tonbe, yonn ap gouvènen koulye a, dènye a poko vini. Lè la vini, li p'ap la pou lontan. Bèt la menm ki te vivan nan tan lontan men ki pa la koulye a, se yon witièm wa. Li fè yonn ak sèt premie yo, li pral fin pèdi tèt li nèt. Dis kòn ou wè yo, se dis lòt wa ki poko konmanse gouvènen. Men, y'ap resevwa pouvwa pou yo gouvènen tankou wa pandan yon ti tan ansanm ak bèt la. Yo toulèdis gen menm lide nan tèt yo, y'ap renmèt pouvwa yo ak otorite yo bay bèt la. Y'a goumen kont ti Mouton an. Men, ti Mouton an va kraze yo, paske li Chèf tout chèf, li Wa tout wa. Li va kraze yo avèk moun pa l' yo, moun Bondye te rele, moun li te chwazi, moun ki kenbe fèm ak li. Zanj lan di m' ankò: Ou te wè jennès la chita nan mitan anpil gwo dlo. Dlo sa yo se pèp, se foul moun, yon bann nasyon ki pale tout lang. Dis kòn ou te wè ansanm ak bèt la, yo pral rayi fanm movèz vi a: y'a pran tou sa l' genyen, y'a kite l' toutouni, y'a manje viann li, y'a boule l' nan dife. Bondye mete nan kè yo lide pou yo fè sa li menm li vle, pou yo tout tonbe dakò fè menm bagay, pou yo renmèt pouvwa yo kòm wa nan men bèt la, jouk tan pawòl Bondye yo va rive vre. Pou fini, fanm ou te wè a, sè gwo lavil k'ap donminen sou tout wa ki sou latè yo.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.