Apre sa, yo ban m' yon baton wozo ki sèvi pou pran mezi. Yo di mwen konsa: Leve. Ale pran mezi kay Bondye a ansanm ak lotèl la. Konte konbe moun k'ap adore nan tanp lan. Men, pa okipe gwo lakou ki dèyè tanp lan, pa mezire li. Paske se pou etranje yo li ye, yo menm ki gen pou foule lavil Bondye a anba pie yo pandan karannde mwa. M'ap voye de temwen m' yo ak rad sak sou yo, pou yo fè konnen mesaj Bondye a pandan mil desanswasant (1.260) jou. De temwen yo se de pie oliv ak de lanp ki kanpe la devan Mèt tout latè a. Si yon moun chache fè yo mal, dife ap soti nan bouch yo, l'ap detwi tout lènmi yo. Se konsa moun k'ap chache fè yo mal gen pou mouri. Yo gen pouvwa fèmen sièl la pou okenn lapli pa tonbe lè y'ap fè konnen mesaj Bondye a. Yo gen pouvwa tou pou yo fè dlo tounen san. Yo gen pouvwa pou yo fè tout kalite kalamite tonbe sou latè, kantite fwa y'a vle li. Lè y'a fin di sa yo gen pou di a, bèt ki soti nan gwo twou san fon an va mare batay ak yo. La kraze yo, la touye yo. Kadav yo va rete nan mitan lari gwo lavil la, kote yo te kloure Seyè a sou kwa a. Lè sa a, y'a chanje non lavil la. Y'a rele l' Sodòm osinon Lejip. Moun tout kalite ras ki soti nan tout peyi ak nan tout nasyon ki pale tout lang, va rete la ap gade kadav yo pandan twa jou ak yon demi (1/2) jounen. Yo p'ap kite moun antere yo. Tout moun ki rete sou latè pral kontan lè y'a tande de mesie yo mouri. Y'a fè fèt, y'a voye kado yonn bay lòt, paske se pa ti toumante de pwofèt sa yo pa t' toumante moun ki rete sou latè. Nan mitan katriyèm jou a, Bondye te soufle sou yo pou l' ba yo lavi. Souf Bondye a antre nan yo: yo leve vivan ankò. Tout moun ki te wè yo te pè anpil. Lè sa a, de pwofèt yo tande yon vwa soti nan sièl la ki t'ap pale byen fò ak yo, li t'ap di yo: Moute bò isit. Yo moute nan sièl la sou yon nwaj devan tout lènmi ki t'ap gade yo. Menm lè a, yon gwo tranblemanntè fèt. Yon kay sou chak dis kay nan lavil la tonbe kraze. Sètmil (7.000) moun mouri nan tranblemanntè sa a. Lòt moun yo menm te pè anpil, yo t'ap fè lwanj Bondye ki nan sièl la. Konsa, dezyèm malè a te pase! Men, atansyon, twazièm lan pral vini talè konsa. Apre sa, setièm zanj lan kònen klewon l' lan. Mwen tande vwa yon bann moun ki t'ap pale byen fò nan sièl la. Yo t'ap di: Pouvwa pou gouvènen sou latè a, koulye a se nan men Mèt nou an ak nan men Kris li a sa ye. L'ap gouvènen pou tout tan. Vennkat granmoun yo ki te chita sou fòtèy yo devan Bondye tonbe atè, fwon yo touche tè, yo adore Bondye. Yo t'ap di: O Mèt, Bondye ki gen tout pouvwa, ou menm ki la epi ki te toujou la, n'ap di ou mèsi dèske ou sèvi ak gwo pouvwa ou la, pou ou pran gouvènman an nan men ou. Nasyon yo te move anpil, paske lè a rive, ou pral fè wè kòlè ou. Tout moun mouri yo pral pase anba jijman. Lè a rive, ou pral bay pwofèt yo, sèvitè ou yo, rekonpans yo, ansanm ak tout moun ki pou ou yo epi ki gen krentif pou ou, piti kou gran. Wi, lè a rive pou ou detwi moun k'ap detwi latè a! Lè sa a, pòt tanp Bondye nan sièl la louvri byen gran. Yo te ka wè bwat ki te gen kontra Bondye a anndan tanp lan. Zèklè pran klere, kout loraj pran gwonde, moun tande tout kalite bri. Tè a tranble, lagrèl t'ap tonbe an kantite.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.