Koute sa Seyè a ap di: -Leve non! Vin plede kòz ou devan gwo mòn yo! Kite ti mòn yo tande sa ou gen pou di a! Nou menm, mòn yo, nou menm ki fondasyon tè a pou tout tan, tande plent Seyè a ap vin pote pou pèp li a! Wi, li pral pote plent pou pèp Izrayèl la! Li gen yon kòz pou l' plede ak li! Seyè a di: Ooo! Pèp mwen! Kisa mwen fè nou kifè nou bouke avè m' konsa? Reponn mwen non! Mwen fè nou soti kite peyi Lejip la. Mwen wete nou nan esklavaj nou te ye nan peyi sa a! Mwen voye Moyiz, Arawon ak Miryam pou kondi nou ale. Ooo! Pèp mwen! Chonje sa Balak, wa peyi Moab la, te fè lide fè nou, ak ki jan Balaram, pitit Bèyò a, te reponn li! Chonje sa ki te rive nou nan vwayaj nou an, lè nou te fin kite Sitim, anvan nou te rive Gilgal! Chonje tout bagay sa yo pou nou ka konprann sa m' te fè pou delivre nou! Lè sa a, pèp la di: Kisa m'a pote ofri bay Seyè a, Bondye ki nan syèl la, lè m'a vin adore l'? Eske m'a pote pou li jenn ti towo bèf ki fèk gen ennan pou yo ka boule pou li? Eske Seyè a ap kontan si m' pote ba li mil belye mouton ak di mil barik lwil? Eske m'a ofri premye pitit gason m' lan pou m' peye pou sa m' fè ki mal? Eske mwen ka pran sa ki soti nan zantray mwen pou m' bay pou kouvri peche mwen? Y'a reponn li: Non monchè. Seyè a te moutre ou sa ki byen. Tou sa li mande ou, se pou ou fè sa ki dwat, se pou ou gen kè sansib nan tout sa w'ap fè, se pou ou mache san lògèy devan li. Lè yon moun gen konprann, li gen krentif pou Seyè a. Seyè a ap rele moun lavil Jerizalèm yo: Koute m' byen, nou tout ki reyini nan lavil la! Lakay moun mechan yo plen byen yo achte ak move lajan! Y'ap sèvi ak fo mamit, bagay mwen pa vle wè. Ki jan ou vle pou m' padonnen bann moun sa yo k'ap sèvi ak move balans, ak fo mamit? Moun rich nan lavil la ap peze pòv malere yo. Yo tout se yon bann mantò: Bonjou yo pa laverite! Se poutèt sa m'ap manyen ak nou. Akòz peche nou yo, m'ap fini ak nou nèt. N'ap manje, men vant nou p'ap janm plen, n'ap grangou toujou. Lè nou konprann se sere n'ap sere pou pita, sa p'ap sèvi nou anyen. Avèk lagè m'ap voye sou nou an, n'ap pèdi tou sa nou te sere a. N'a plante, men se pa nou ki va rekòlte. N'a kraze grenn oliv pou fè lwil, men nou p'ap gen tan sèvi avè l'. N'a kraze rezen fè diven, men nou p'ap gen tan goute ladan l'. Nou pran swiv move mès wa Omri a ansanm ak move bagay wa Akab, pitit gason l' lan, t'ap fè a. N'ap fè menm bagay yo t'ap fè a toujou. Se poutèt sa, m'ap fè malè tonbe sou nou. Tout moun pral rele chalbari dèyè nou. Moun toupatou pral trete nou tankou fatra.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.