Nou menm, moun lavil Jerizalèm, sanble moun nou yo! Mete yon lame sou pye! Men yo sènen lavil la toupatou. Y'ap leve men yo sou chèf pèp Izrayèl la. Y'ap ba li baton, y'ap souflete l'. Seyè a di ankò: Men ou menm, lavil Betleyèm, Efrata, ou se yonn nan pi piti nan tout lavil peyi Jida yo, se vre! Men, se nan mitan ou m'ap fè soti pou mwen yon chèf pou pèp Izrayèl la, yon chèf k'ap soti nan yon fanmi ki la depi lontan lontan. Se konsa, Seyè a ap lage pèp li a nan men lènmi li yo jouk lè fi ki pou fè pitit la va gen yon pitit gason. Lè sa a, rès pèp Izrayèl yo te depòte a va tounen pou mete tèt ansanm ak pèp la. Lè chèf sa a va vini, l'a gouvènen pèp li a avèk fòs Seyè a ap ba li a, avèk pouvwa k'ap mande respè paske l'ap gouvènen nan non Seyè a, Bondye li a. Pèp la va viv ak kè poze, paske moun toupatou sou latè va rekonèt jan li gen pouvwa. L'a fè tout moun viv byen yonn ak lòt. Lè moun peyi Lasiri yo va anvayi peyi nou an, lè y'a pwonmennen mache nan tout peyi a, n'a voye sèt chèf, n'a voye wit menm al konbat yo. Y'a goumen, y'a pran peyi moun Lasiri yo nan men yo. Avèk nepe yo, y'a pran peyi Nenmwòd la nan men li. Y'a delivre nou anba men moun Lasiri yo, lè y'a anvayi peyi a, lè y'a antre sou fwontyè nou yo. Lè sa a, rès moun ki vivan toujou nan pèp la va tankou lawouze Bondye voye. Y'a viv nan mitan lòt nasyon yo. Y'a tankou lapli k'ap tonbe sou jaden k'ap pouse, paske yo pa mete espwa yo nan moun men nan Bondye. Rès moun pèp Izrayèl yo va viv nan mitan lòt nasyon yo, nan mitan anpil lòt nasyon. Y'a tankou yon lyon nan mitan bèt nan bwa, osinon yon jenn ti lyon nan mitan bann mouton. Y'ap pase nan mitan lòt nasyon yo. Y'ap kraze yo anba pye yo, y'ap dechikete yo. Pesonn p'ap ka delivre moun anba men yo. Izrayèl va leve kont lènmi li yo, l'a disparèt yo nèt. Seyè a di ankò: Jou sa a, m'ap touye tout chwal batay nou yo. M'a detwi tout cha nou yo. M'ap detwi tout lavil nou bati nan peyi a, m'ap kraze tout fò ak tout ranpa nou yo. M'a wete tout wanga nan peyi a. Nou p'ap jwenn moun ki pou bat kat pou nou ankò. M'ap detwi tout estati ak tout moniman nou te moute pou zidòl yo. Nou p'ap gen lide adore bagay nou fè ak men nou ankò. M'ap derasinen tout pyebwa repozwa nan peyi a. M'ap detwi tout lavil nou yo. Lè sa a, m'ap fache, m'ap fè gwo kòlè, m'ap pran revanj mwen sou tout nasyon ki pa t' obeyi m' yo.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.