Yon tan gen pou rive! Lè sa a, mòn kote tanp lan ye a va pi wo pase tout lòt mòn yo. L'ap kanpe byen wo nan mitan mòn yo. Moun va soti an kantite toupatou vin sou li. Anpil moun lòt nasyon va vini, y'a di: Ann ale sou mòn Seyè a! Ann ale nan tanp Bondye pèp Izrayèl la! L'a moutre nou jan li vle nou viv la. Konsa, n'a mache nan chemen l'a mete devan nou an. Paske, Seyè a rete sou mòn Siyon an, l'ap bay lòd li. Seyè a rete lavil Jerizalèm, l'ap pale ak pèp li a. L'ap regle kont nasyon yo gen yonn ak lòt, l'ap sèvi jij pou gwo peyi ki byen lwen. Y'ap pran mato, y'ap fè zam yo tounen zouti pou travay tè. Y'ap fè nepe yo tounen sèpèt. Nasyon yo p'ap fè lagè yonn ak lòt ankò. Yo p'ap janm aprann fè lagè ankò. Tout moun va viv ak kè poze anba tonèl rezen yo, anba pye fig frans yo. Pesonn p'ap chache yo kont. Sa se pawòl ki soti nan bouch Seyè a! Chak nasyon ap viv dapre lòd bondye pa yo ba yo. Men nou menm, n'ap viv dapre lòd Seyè a, Bondye nou an, pou tout tan tout tan. Seyè a di: Yon tan ap vini. Lè sa a, m'a aji avèk pèp mwen an tankou yon gadò. M' aval chache moun ki t'ap bwete yo. M'a ranmase moun yo te chase byen lwen yo, moun mwen te pini yo. Avèk sa ki t'ap bwete yo, m'a mete peyi a kanpe ankò. M'a fè moun yo te depòte yo tounen yon gwo nasyon. Mwen menm, Seyè a, m'a gouvènen yo sou tèt mòn Siyon an, depi jou sa a jouk sa kaba. Ou menm, lavil Jerizalèm kote Bondye rete pou l' veye bann mouton l' yo, ou menm, ti mòn Ofèl kote moun Siyon yo rete a, ou gen pou tounen kapital peyi a ankò kote wa moun Jerizalèm yo ye a, jan sa te ye nan tan lontan an. Koulye a, poukisa w'ap rele fò konsa? Se paske ou pèdi wa ou la? Poukisa w'ap plenn konsa tankou yon fanm ki gen tranche? Se paske moun ki te konn ba ou konsèy la mouri? Tòde kò nou, nou menm moun lavil Jerizalèm! Plenn tankou fanm ki sou choukèt! Paske, koulye a nou pral soti kite lavil la, nou pral rete nan bwa. N'a rive jouk lavil Babilòn. Men, antan nou la, y'a vin delivre nou. Seyè a ap vin wete nou nan men lènmi nou yo. Anpil nasyon ap reyini pou atake nou. Y'ap di konsa: Se pou yo avili lavil Jerizalèm. Se pou nou wè lavil Siyon an kraze nèt. Men, moun sa yo pa konnen lide Bondye gen nan tèt li. Yo pa konprann plan travay li. Li te sanble yo pou l' ka pini yo tankou lè yo sanble pwa sou glasi anvan yo bat yo. Seyè a di: Nou menm moun lavil Siyon, leve non! Foule lènmi nou yo anba pye nou! M'ap ban nou fòs, n'ap tankou towo bèf ki gen kòn ak zago fè. N'ap kraze anpil nasyon an miyèt moso. N'a pran tou sa yo genyen ansanm ak tout richès yo, n'a ofri yo ban mwen, mwen menm Seyè a, ki mèt tout latè.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.