Men mesaj Seyè a te bay Miche, moun lavil Morechèt, sou rèy Jotam, Akaz ak Ezekyas ki te wa nan peyi jida. Men vizyon ki gen rapò ak Samari ak Jerizalèm Seyè a te fè Miche wè. Koute byen, nou menm tout nasyon yo. Pare zòrèy nou, nou tout k'ap viv sou latè. Seyè a, Bondye a, pral akize nou. Tande! Li rete nan tanp ki apa pou li a, l'ap pale. Seyè a ap soti kote li rete a, l'ap desann, l'ap mache sou tèt mòn yo. Mòn yo ap fonn anba pye l' tankou lasi nan dife. Y'ap koule desann nan fon yo tankou lavalas k'ap desann mòn. Tou sa ap rive paske pèp Izrayèl la fè bagay ki mal, paske pitit Jakòb yo fè sa yo pa t' dwe fè. Ki moun ki reskonsab sa pèp Izrayèl la fè a? Se pa moun Samari, kapital peyi a? Ki moun k'ap fè idolatri nan peyi Jida a? Se pa moun lavil Jerizalèm? Se konsa Seyè a di: M'ap fè lavil Samari tounen yon bann mazi nan plenn lan, yon jaden pou plante rezen. M'ap voye tout miray li yo jete nan fon. Se fondasyon kay yo ase k'ap rete pou moun wè. Y'ap kraze tout zidòl yo an miyèt moso. Y'ap boule tou sa yo te ofri bay zidòl yo nan dife. M'ap fè kay zidòl yo tounen pil wòch. Pèp la te vire do bay Bondye lè yo t'ap fè zidòl sa yo, ou ta di madan marye k'ap fè jennès. Koulye a, y'ap peye pou vire yo te vire do bay Bondye a. Lèfini, Miche di: Se poutèt sa m'ap plenn, m'ap kriye. M'ap pwonmennen mache pye atè, toutouni, pou m' fè wè lapenn mwen. M'ap rele tankou frize, m'ap wouke tankou chen. Pa gen renmèd pou maladi moun lavil Samari yo. Li kontaminen peyi Jida a. Li gen tan rive jouk nan pòtay kapital peyi pèp mwen an. Li gen tan rive lavil Jerizalèm. Pa kite moun lavil Gat yo konnen sa ki rive nou! Pa kite moun Akò yo wè nou ap kriye! Woule kò nou atè nan pousyè, nou menm moun Betleafra. Pase pase nou, toutouni, tèt bese, nou menm moun lavil Safi. Moun ki rete nan ti bouk Zaanan an pa ka mete tèt yo deyò. Lè w'a tande jan moun Betaezèl yo ap plenn, w'a konnen ou p'ap jwenn pwoteksyon bò la ankò. Moun Mawòt yo nan lapenn. Pa gen sekou pou yo ankò, paske Seyè a fè malè a rive nan papòt lavil Jerizalèm. Nou menm, moun lavil Lakis, nou mèt pare bon chwal pou cha nou yo. Se nou menm an premye nan peyi Izrayèl ki te konmanse ap fè sa ki mal. Se nou menm ki lakòz moun lavil Jerizalèm yo ap fè peche konsa. Koulye a, nou menm moun peyi Jida, nou mèt di moun lavil Morechèt Gat yo orevwa, paske moun lavil Akzib yo bay manti, yo p'ap pote ankenn sekou bay wa Izrayèl yo. Kanta pou nou menm, moun lavil Marecha, mwen menm Seyè a, m'ap fè lènmi pran lavil la nan men nou. Grannèg nan peyi Izrayèl yo pral kache nan twou wòch Adoulam lan. Nou menm moun Jida, reziyen nou, paske sa fè kè nou fè nou mal pou nou wè sa timoun nou renmen anpil yo ap fè. Mare ren nou tankou moun ki nan lapenn, paske y'ap depòte timoun nou yo ale byen lwen nou.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.