M'a di yo: Koute byen, nou menm ki alatèt pitit Jakòb yo, nou tout k'ap dirije pèp Izrayèl la! Se pa devwa nou pou nou rann tout moun jistis? Men, se nou menm ankò ki rayi moun k'ap fè sa ki byen. Nou renmen moun k'ap fè sa ki mal. N'ap kòche pèp mwen an tou vivan, n'ap filange l' jouk nan zo. N'ap manje pèp mwen an. Nou kòche yo, nou kase tout zo nan kò yo. Nou dekoupe yo tankou vyann yo pral kwit, tankou vyann nou mete nan chodyè. Men, yon jou va rive, lè sa a n'a kriye nan pye Seyè a, men li p'ap reponn nou. Li p'ap tande sa n'ap di nan lapriyè nou yo, paske nou fè bagay ki mal. Men, gen yon bann pwofèt k'ap twonpe pèp mwen an. Depi yo gen yon zo y'ap souse, y'ap mache di jan gen lapè nan peyi a. Men, kite moun pa ba yo lajan, yo di pral gen lagè. Men sa Seyè a di sou pwofèt sa yo: Pwofèt! Jou nou yo prèt pou fini. Solèy la ap kouche sou nou. Nou p'ap fè vizyon lannwit ankò. Nan fènwa, nou p'ap wè anyen ankò. Moun k'ap fè prediksyon yo pral wont. Divinò yo p'ap konnen sa pou yo di. Yo pral rete men nan bouch, paske Bondye p'ap reponn yo. Men, pou mwen menm, Miche, Seyè a voye lespri l' sou mwen, li ban mwen fòs, li ban mwen pouvwa pou m' konnen sa ki dwat. Li ban mwen kouraj pou m' kanpe denonse fòfè pitit Jakòb yo, pou m' di pèp Izrayèl la nan figi l' sa l'ap fè ki mal la. Wi, koute m' non, nou menm ki alatèt pitit Jakòb yo, nou menm chèf k'ap dirije peyi Izrayèl la. Nou pa renmen sa ki dwat. Nou vire lalwa a, nou fè l' di sa nou vle. Se sou san moun n'ap bati lavil Siyon an. Se sou lenjistis n'ap bati lavil Jerizalèm. Moun ap achte chèf yo ak lajan. Prèt yo menm ap esplike lalwa a pou lajan. Ata pwofèt yo ap fè prediksyon pou lajan tou. Yo tout yo pretann di Seyè a avèk yo. Y'ap di: O wi, anyen p'ap rive nou! Seyè a bò kote nou! Se konsa, n'ap lakòz peyi Siyon an pral tankou yon jaden y'ap raboure. Jerizalèm ap tounen mazi. Gwo pyebwa pral kouvri tout mòn kote tanp lan ye a.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.