Apre sa, Lespri Bondye pouse Jezi ale nan dezè a pou Satan te ka tante l'. Jezi pase karant jou ak karant nwit san manje. Apre sa, li vin grangou. Lè sa a, Satan pwoche bò kote l' pou sonde l'. Li di l' konsa: Si ou se Pitit Bondye, bay wòch sa yo lòd pou yo tounen pen. Jezi reponn li: Men sa ki ekri: Moun pa kapab viv ak manje ase. Yo bezwen tout pawòl ki soti nan bouch Bondye tou. Apre sa, grandyab la mennen l' lavil Jerizalèm. Li mete l' kanpe sou pwent fetay tanp lan. Li di Jezi konsa: Si ou se Pitit Bondye, lage kò ou anba. Paske, men sa ki ekri: Bondye va bay zanj li yo lòd pou yo veye sou ou. y'a pote ou nan men yo, pou ou pa kase zòtèy pye ou sou okenn wòch. Jezi reponn li: Men sa ki ekri tou: Ou pa dwe seye sonde Mèt la, Bondye ou. Satan mennen Jezi ankò sou yon mòn ki byen wo. Li moutre l' tout peyi ki sou latè ansanm ak tout riches yo. Li di l' konsa: M'ap ba ou tout bagay sa yo, si ou mete ou ajenou devan m' pou ou adore m'. Jezi reponn li: Wete kò ou sou mwen, Satan. Paske, men sa ki ekri: Se Mèt la, Bondye ou, pou ou adore, se li menm sèl pou ou sèvi. Fwa sa a, grandyab la kite l'. Latou, kèk zanj Bondye pwoche bò kote Jezi, yo sèvi l'. Lè Jezi tande yo te mete Jan Batis nan prizon, li wete kò l', li ale nan peyi Galile. Li kite lavil Nazarèt, li ale rete nan yon vil yo rele Kapènawòm, ki te toupre lanmè Galile a, sou tè moun Zabilon ak moun Neftali yo. Konsa, pawòl pwofèt Ezayi te di a rive vre: Peyi Zabilon ak peyi Neftali ki sou wout pou ale bò lanmè a, peyi ki lòt bò larivyè Jouden an, peyi Galile kote moun lòt nasyon yo ap viv la, pèp ki t'ap viv nan fènwa a wè yon gwo limyè. Limyè a klere pou moun ki t'ap viv nan peyi ki anba lonbraj lanmò a. Depi lè sa a, Jezi kòmanse ap mache bay mesaj li a. Li t'ap di: Tounen vin jwenn Bondye. Paske, Bondye ki wa nan syèl la ap vin pran pouvwa a nan men li. Antan Jezi t'ap mache bò lanmè Galile a, li wè de frè: Simon, yo rele Pyè a, ak Andre, frè li. Yo t'ap voye privye nan lanmè a, paske se pechè pwason yo te ye. Jezi di yo konsa: vin jwenn mwen, m'a fè nou tounen pechè moun pito. Lamenm, yo kite privye yo, y' ale avèk li. Jezi vanse pi lwen, li wè de lòt frè, Jak avèk Jan, pitit Zebede yo. Yo te chita nan kannòt yo ansanm ak papa yo, yo t'ap repare privye yo. Jezi rele yo. Lamenm, yo kite kannòt la ansanm ak papa yo, y' ale avèk li. Jezi t'ap mache toupatou nan peyi Galile a. Li t'ap moutre moun yo anpil bagay nan sinagòg yo. Li t'ap anonse Bon Nouvèl peyi kote Bondye wa a. Li t'ap geri tout kalite maladi ak tout kalite enfimite pèp la te ka genyen. Toupatou nan peyi Siri a, se tout moun ki t'ap nonmen non li. Se sa ki fè yo te mennen tout kalite moun malad ba li, ansanm ak tout moun ki soufri doulè, moun ki te gen move lespri sou yo, moun ki soufri malkadi ak moun ki paralize. Jezi geri yo tout. Yon bann moun t'ap swiv li. Yo te soti toupatou: te gen moun Galile, moun Dis Vil yo, moun lavil Jerizalèm, moun Jide ak moun nan peyi lòt bò larivyè Jouden an.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.