Lè jou repo a te fin pase, dimanch maten byen bonè, Mari, moun lavil Magdala a, ak lòt Mari a te al vizite kavo Yo rete konsa, epi tè a pran tranble byen fò. Yon zanj Bondye desann soti nan syèl la, li vini, li woule wòch la sou kote, lèfini li chita sou li. Li te klere tankou yon zèklè, rad li te blan kou lanèj. Gad yo te sitèlman pè, yo pran tranble, yo tonbe atè tankou moun ki mouri. Men, zanj lan pran pale, li di fanm yo: Nou menm, nou pa bezwen pè. Mwen konnen se Jezi n'ap chache, nonm yo te kloure sou kwa a. Enben, li pa isit la. Li leve vivan jan l' te di a. Vini wè kote l' te kouche a. Apre sa, prese al di disip li yo li leve soti vivan nan lanmò. Li gen tan pran devan yo ale nan peyi Galile. Se la y'a wè li. Se sa m' te gen pou m' di nou. Fanm yo kouri kite kavo a. Yo te pè, men an menm tan tou yo te kontan. Yo t'ap kouri pote nouvèl la bay disip yo. Yo rete konsa, yo wè Jezi parèt devan yo, li di yo: Bonjou, medam. Yo pwoche bò kote l', yo kenbe pye l', yo adore li. Jezi di yo: Nou pa bezwen pè. Ale di frè m' yo pou y al nan Galile. Se la y'a wè mwen. Antan medam yo te nan wout toujou, nan gad ki t'ap veye kavo a te genyen ki te gen tan tounen lavil la, yo rakonte chèf prèt yo tou sa ki te rive. Lè sa a, chèf prèt yo reyini ak chèf fanmi yo, yo fè plan yo ansanm. Yo bay sòlda yo yon gwo lajan. Epi yo di yo: Se pou nou di se disip li yo ki te vin vòlò kò a pote ale lannwit antan nou t'ap dòmi. Si pawòl la tonbe nan zòrèy gouvènè a, n'a konnen ki jan pou n' pale avè l' pou nou menm, gad yo, nou pa nan traka. Sòlda yo pran lajan an, yo fè jan yo te di yo fè l' la. Se konsa, popagann sa a gaye pami jwif yo jouk jounen jòdi a. Onz disip yo ale sou ti mòn nan peyi Galile a, kote Jezi te di yo ale a. Lè yo wè l', yo adore li. Men, te gen nan yo ki pa t' fin kwè nèt. Jezi pwoche bò kote yo, li di yo konsa: Mwen resevwa tout pouvwa nan syèl la ak sou tè a. Ale fè disip pou mwen nan tout nasyon, batize yo nan non Papa a, Pitit la ak Sentespri a. Moutre yo pou yo obsève tou sa mwen te ban nou lòd fè. Chonje sa byen: mwen la avèk nou toulejou, jouk sa kaba.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.