Sis jou apre sa, Jezi pran Pyè, Jak ak Jan, frè Jak la, li mennen yo pou kont yo sou tèt yon mòn byen wo. Antan Jezi te la, li pran chanje devan yo. Figi l' vin klere tankou solèy la. Rad li vin blan tankou yon limyè. Twa disip yo wè Moyiz ak Eli parèt, yo t'ap pale ak Jezi. Lè sa a, Pyè pran lapawòl, li di Jezi konsa: Met, sa bon nèt pou nou isit la. Si ou vle, m'ap moute twa ti kay, yonn pou ou, yonn pou Moyiz ak yonn pou Eli. Antan Pyè t'ap pale toujou, yon nwaj byen klere vin kouvri yo. Yo tande yon vwa soti nan nwaj la, li di: Sa se pitit mwen renmen anpil la. Li fè kè m' kontan anpil. Koute li. Lè disip yo tande vwa a yo tonbe fas atè tèlman yo te pè. Men, Jezi pwoche bò kote yo, li manyen yo, li di: Leve non, nou pa bezwen pè. Yo leve je yo, yo wè Jezi te pou kont li. Antan yo t'ap desann mòn lan, Jezi ba yo lòd sa a: Pa pale ak pesonn sou sa nou sot wè a, jouk mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, m'a leve soti vivan nan lanmò. Twa disip yo poze l' keksyon sa a: Poukisa dirèktè lalwa yo di se pou Eli vin anvan? Jezi reponn yo: Se vre. Eli gen pou l' vin anvan, pou l' mete tout bagay nan lòd. Men, m'ap di nou sa: Eli vin deja. Men, yo pa t' rekonèt li, yo fè l' tou sa yo te vle. Se onsa tou, yo gen pou yo maltrete Moun Bondye voye nan lachè a. Lè sa a, disip yo vin konprann li t'ap pale yo sou Jan Batis. Lè yo rive kote foul moun yo, yon nonm pwoche bò kot Jezi, li lage kò l' ajenou devan l', li di: Mèt, gen pitye pou pitit gason m' lan. Li gen malkadi. Lè ou tande kriz la pran l' konsa, anpil fwa li tonbe nan dife osinon nan dlo. Mwen mennen l' bay disip ou yo, men yo pa t' kapab geri li. Jezi reponn: Ala moun san konfyans nan Bondye! Ala move moun! Jouk kilè pou m' rete nan mitan nou? Jouk kilè pou m' sipòte nou? Mennen ti gason an isit ban mwen. Jezi pale sevè ak move lespri a. Lespri a soti. Menm lè a, ti nonm lan geri. Apre sa, disip yo pwoche bò kot Jezi, yo mande l' apa: Poukisa nou pa t' kapab chase move lespri sa a? Jezi di yo: Se paske nou manke konfyans nan Bondye. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: si nou te gen konfyans nan Bondye gwosè yon ti grenn moutad, nou ta di ti mòn sa a: wete kò ou la, al laba, li ta chanje plas. Pa gen anyen nou pa ta kapab fè. Men, kalite lespri sa yo, se fòs lapriyè ak jèn ki pou fè yo soti. Yon jou, antan tout disip yo te la ansanm nan peyi Galile, Jezi di yo: Mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen gen pou m' tonbe anba men lèzòm. Yo pral touye m', men sou twa jou, m'ap leve soti vivan nan lanmò. Sa te fè disip yo lapenn anpil. Lè Jezi rive Kapènawòm ak disip li yo, moun ki t'ap ranmase lajan taks pou tanp lan pwoche bò kot Pyè, yo mande li: Eske mèt ou a peye lajan taks pou tanp lan? Pyè di: Li peye wi. Antan Pyè ap antre nan kay la, anvan li louvri bouch li, Jezi di l': Sa ou konprann nan sa, Simon? Ki moun ki gen pou peye dwa ak taks bay leta? Sitwayen peyi a, osinon etranje? Pyè reponn li: Etranje yo. Lè sa a, Jezi di li: Si se konsa, sitwayen yo egzan. Men, nou pa vle bay move egzanp: Ale bò lanmè a, voye yon zen nan dlo a. Rale premye pwason ki va mòde ladan l' lan. Louvri bouch li, wa jwenn yon pyès lajan, mezi pou peye taks pa m' ak taks pa ou. Pran l', al peye pou nou de.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.