Lè sa a, Ewòd ki t'ap gouvènen nan peyi Galile tande pale sou Jezi. Li di moun ki t'ap travay avè l' yo: Se Jan Batis wi! Se li ki leve vivan nan lanmò. Se poutèt sa li ka fè tout mirak sa yo. Se Ewòd menm ki te fè arete Jan Batis. Li te fè mare l' mete nan prizon poutèt Ewodyad, madanm Filip, frè li. Paske Jan te di Ewòd konsa: Ou pa gen dwa pran Ewodyad pou madanm ou. Ewòd te vle touye l', men li te pè jwif yo, paske yo tout te pran Jan Batis pou yon pwofèt. Men, jou fèt Ewòd la, pitit fi Ewodyad la t'ap danse devan tout envite yo. Sa te fè Ewòd plezi anpil. Lè sa a, Ewòd sèmante l'ap ba li nenpòt kisa li ta mande li. Pitit fi Ewodyad la menm koute konsèy manman l' te ba li, li di Ewòd: Fè pote tèt Jan Batis ban mwen koulye a sou yon plato. Kè wa a kase. Men, akòz gwo sèman li te fè devan tout envite yo, li bay lòd pou yo bay fi a sa l' te mande a. Se konsa, Ewòd voye koupe tèt Jan Batis nan prizon an. Yo pote tèt la vini sou yon plato, yo renmèt fi a li. Fi a menm pote l' bay manman li. Patizan Jan Batis yo vin pran kò a, yo antere li. Apre sa, y al di Jezi sa ki te pase. Lè Jezi pran nouvèl sa a, li pati nan yon kannòt. Li te vle al yon kote ki pa gen moun pou l' te ka pou kont li. Men, moun yo vin konn sa. Yo kouri soti nan tout lavil yo, yo pran mache sou rivaj la ap swiv li. Lè Jezi desann soti nan kannòt la, li wè tout foul moun yo. Kè l' fè l' mal pou yo, li pran geri moun malad yo. Lè solèy fin kouche, disip Jezi yo pwoche bò kote l', yo di l' konsa: Li fin ta wi. Pa gen moun ki rete bò isit la. Voye moun yo ale pou yo ka achte manje nan bouk yo. Jezi reponn yo: Yo pa bezwen ale. Ba yo manje nou menm. Men yo di li: Se senk pen ak de pwason ase nou gen la a. Jezi di yo: Pote yo ban mwen. Apre sa, li bay lòd fè moun yo chita sou zèb la. Li pran senk pen yo ak de pwason yo, li leve je l' nan syèl la, li di Bondye mèsi. Li kase pen yo, li bay disip yo. Disip yo menm mache bay tout moun. Tout moun manje vant plen. Apre sa, disip yo plen douz panyen ak ti moso ki te rete, yo pote ale. Te gen senkmil (5,000) gason konsa ki te jwenn manje pou yo manje, san konte fanm ak timoun. Touswit apre sa, Jezi fè disip li yo moute nan kannòt la, li voye yo devan lòt bò lanmè a. Li menm, li te rete dèyè pou l' te voye moun yo ale. Lè li fin voye yo ale, li moute pou kont li sou yon ti mòn pou l' lapriyè. Solèy te fin kouche, li te la toujou pou kont li. Kannòt la menm te gen tan yon bon distans sou lanmè a. Men, lanm yo t'ap bat li, paske van an te kontrè pou yo. Douvan jou, Jezi pran mache sou dlo a pou li al jwenn yo. Lè disip yo wè l' ap mache sou dlo a, yo te pè anpil, yo t'ap di: Se yon revenan. Yo pran rele tèlman yo te pè. Menm lè a, Jezi di yo: Pran tèt nou. Se mwen menm. Nou pa bezwen pè. Lè sa a, Pyè di li: Mèt, si se ou menm vre, di m' vin jwenn ou sou dlo a. Jezi di li: Vini non. Pyè soti nan kannòt la, li kòmanse mache sou dlo a pou li al jwenn Jezi. Men, lè Pyè wè jan van an te fò, li pè. Lè sa a, li kòmanse koule, li pran rele: Mèt, sove m' non! Menm lè a, Jezi lonje men l', li pran Pyè, li di li: Gade jan ou manke konfyans. Poukisa ou pa te fin kenbe konfyans ou nèt? Yo tou de moute nan kannòt la, lamenm van an kase. Lè sa a, moun ki te nan kannòt la vin mete ajenou devan Jezi, yo di: Ou se pitit Bondye a vre. Lè yo fin janbe lòt bò lanmè a, yo fè tè nan peyi Jenezarèt. Moun peyi a rekonèt Jezi, yo voye nouvèl la nan tout rejyon an. Yo mennen tout malad yo ba li. Yo di Jezi: Tanpri souple, kite malad yo manyen bò rad ou ase. Tout moun malad ki te manyen rad li te geri.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.