Lè sa a, Jan Batis parèt nan dezè Jide a. Li t'ap mache bay mesaj sa a. Li t'ap di: Tounen vin jwenn Bondye. Paske, Bondye ki wa nan syèl la ap vin pran pouvwa a nan men l'. Se sou Jan pwofèt Ezayi t'ap pale lè l' te di: Se vwa yon nonm k'ap rele nan dezè a: Pare gran wout Seyè nou an. Plani chemen an byen plani pou li. Jan te gen yon rad fèt ak pwal chamo sou li, li te mare ren l' ak yon sentiwon an po. Li te manje krikèt ak gato myèl li te jwenn nan bwa. Moun soti lavil Jerizalèm, nan tout peyi Jide a ak nan tout vwazinaj larivyè Jouden an, yo tout te vin jwenn Jan. Yo te konfese peche yo devan tout moun. Apre sa, Jan te batize yo nan larivyè Jouden an. Lè Jan wè te gen anpil farizyen ak sadiseyen ki t'ap vin jwenn li pou resevwa batèm nan men l', li di yo: Bann vèmen! Ki moun ki fè nou konnen nou kapab chape anba kòlè Bondye k'ap vini an? Fè bagay ki pou fè wè lavi nou chanje tout bon. Pa konprann nou ka di nan kè nou: Se pitit pitit Abraram nou ye. Paske, mwen p'ap kache di nou sa: Bondye kapab pran wòch sa yo, li fè yo tounen pitit pou Abraram. Epitou, rach la tou pare pou koupe rasin pyebwa yo. Nenpòt pyebwa ki pa bay bon donn, yo pral koupe sa jete nan dife. Mwen menm, mwen batize nou nan dlo, pou fè wè nou tounen vin jwenn Bondye. Men, moun k'ap vin apre mwen an gen plis pouvwa anpil pase m'. Mwen pa bon ase menm pou m' ta wete sapat ki nan pye li. Se li menm ki va batize nou nan Sentespri ak nan dife. Li gen laye l' nan men li. L'ap vannen tout grenn ki sou glasi a. La ranmase grenn ki bon yo, la mete yo nan galata li; men, l'ap boule pay la nan yon dife ki p'ap janm mouri. Lè sa a, Jezi soti nan peyi Galile, li vin larivyè Jouden, bò kote Jan pou Jan batize li. Men, Jan pa t' dakò pou sa menm. Li di l': Se ou ki pou ta batize m', epi se ou menm ki vin jwenn mwen pou m' batize ou? Jezi reponn li: Kite sa fèt konsa koulye a. Se konsa pou nou fè tou sa Bondye mande. Jan pa t' kenbe tèt avè l' ankò. Fini Jan fin batize l', Jezi soti nan dlo a. Menm lè a, syèl la louvri, Jezi wè Lespri Bondye a desann sou fòm yon ti pijon vin sou li. Lè sa a, yon vwa soti nan syèl la, li di: Sa se pitit mwen renmen anpil la. Li fè kè m' kontan anpil.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.