Menm jou sa a, wa Asyeris pran tout byen Aman yo, nonm ki pa t' vle wè jwif yo, li fè larenn Estè kado. Estè fè wa a konnen Madoche se fanmi li. Depi lè sa a, Madoche te gen dwa parèt devan wa a. Wa a wete bag li te reprann nan men Aman an, li bay Madoche li. Estè menm mete Madoche reskonsab tout byen Aman yo. Apre sa, Estè al pale ak wa a ankò. Li lage kò l' nan pye l' ap kriye. Li mande l' pou l' fè kichòy pou kraze vye konplo Aman, moun laras Agag la, te moute sou do jwif yo. Wa a lonje baton an lò a bay Estè. Estè leve epi li di: -Si sa fè wa a plezi, si wa a kontan avè m', si se yon bagay li ka fè, si mwen fè wa a plezi, tanpri, ekri yon lèt pou revoke lòd Aman, pitit Amedata, moun laras Agag la, te bay pou yo te touye dènye kras jwif toupatou nan peyi wa a. Mwen p'ap ka rete konsa pou m' wè malè sa a ap tonbe sou moun pèp mwen yo, pou m' wè y'ap touye tout fanmi m' yo. Wa Asyeris di Estè ak Madoche konsa: -Gade, mwen fè pann Aman poutèt konplo li te moute sou do jwif yo, lèfini, m' bay Estè tout byen li yo. Men, depi yo bay yon lòd piblik nan non wa a, avèk so wa a sou li, li pa ka revoke. Tansèlman, nou menm, nou gen dwa ekri yon lèt bay jwif yo nan non mwen avèk so mwen sou li. Tou sa te pase nan venntwazyèm jou twazyèm mwa a, mwa Sivan an. Madoche fè chache tout sekretè wa yo, li di yo tou sa pou yo mete nan lèt pou yo voye bay jwif yo, bay gouvènè yo, bay prefè yo ak lòt chèf pèp yo, nan tout sanvennsèt (0127) pwovens yo, depi peyi Lend rive peyi Letiopi. Lèt yo te ekri pou chak pwovens yo nan lang yo, dapre jan yo ekri lang lan nan peyi a. Yo ekri lèt pou jwif yo nan lang pa yo, dapre jan yo ekri lang pa yo a tou. Madoche fè ekri lèt yo nan non wa a, epi li mete so wa a sou yo. Yo renmèt lèt yo bay mesaje pote ale. Mesaje yo te moute sou chwal yo te pran nan ekri wa a. Dapre sa ki te nan lèt yo, wa a te bay tout jwif yo pèmisyon pou yo te òganize yo nan chak lavil peyi a pou yo te ka defann tèt yo. Nenpòt moun lòt nasyon ki ta atake yo ak zam nan nenpòt pwovens, se pou yo koresponn ak yo, se pou yo masakre yo ansanm ak madanm yo ak pitit yo. Se pou yo touye yo nèt ale, lèfini pou yo pran tout byen yo. Se sa pou jwif yo fè nan tout pwovens peyi wa Asyeris la, nan trèzyèm jou douzyèm mwa a, ki vle di mwa Ada a. Nan chak pwovens, se pou yo te konsidere lèt la tankou yon lwa. Se pou yo te pibliye l' pou tout moun te ka konnen sa ki ladan l'. Jwif yo menm te pou pare pou yo te tire revanj yo sou lènmi yo jou sa a. Jan wa a te bay lòd la, mesaje yo moute sou chwal wa yo, yo kouri pote lèt yo ale. Yo te mache fè konnen lòd wa a nan lavil Souz, kapital la, tou. Madoche soti kite palè wa a. Li te gen yon bèl rad ble e blan, tankou rad wa a, sou li, yon gwo kouwòn lò sou tèt li ak yon manto koulè violèt sou zepòl li. Tout moun lavil Souz te kontan, yo t'ap fè fèt. Pou jwif yo menm, se te yon gwo soulajman; yo te kontan, yo t'ap fè fèt, se te yon bèl bagay pou yo. Nan tout pwovens yo, nan chak lavil yo, toupatou kote yo te li lèt wa a te voye a, jwif yo pase jou a ap fè fèt, yo te kontan, yo fè resepsyon, yo bay manje. Anpil moun lòt nasyon fè yo jwif lè sa a, paske yo te pè jwif yo anpil.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.