Lè Madoche pran nouvèl tou sa ki t'ap pase, sa te fè l' lapenn anpil. Li chire rad sou li. Li mete yon rad sak anwo li ak sann dife sou tèt li, li pran lari pou li, li t'ap rele, li t'ap plenn byen fò. Li rive devan pòtay palè a. Li pa antre, paske moun pa gen dwa antre anndan kay wa a ak rad sak sou yo. Nan tout pwovens yo, toupatou kote yo te pibliye lòd wa a, se te yon gwo lafliksyon pou jwif yo. Yo fè jèn, yo t'ap kriye, yo t'ap plenn. Anpil ladan yo mete rad sak sou yo, yo kouche nan sann dife. Lè sèvant Estè yo ansanm ak domestik konfyans li yo al di li sa Madoche t'ap fè, sa te boulvèse li anpil. Estè voye bon rad bay Madoche pou li te ka wete rad sak la sou li. Men Madoche derefize. Lè sa a, Estè rele Atach, yonn nan domestik konfyans wa a te ba li pou sèvis li, li voye l' bò kote Madoche pou konnen sa k'ap pase ak poukisa l'ap fè sa. Atach al jwenn Madoche sou plas piblik ki te devan pòtay palè wa a. Madoche rakonte l' tou sa ki te rive l', ki jan Aman te pwomèt pou l' te bay anpil lajan pou mete nan kès wa a si wa a te dakò pou yo masakre tout jwif yo. Li bay Atach yon kopi lòd wa a yo te pibliye lavil Souz la, ki te mande pou yo te detwi tout jwif yo. Madoche mande l' pou l' pote kopi piblikasyon an bay Estè, pou li esplike l' sitiyasyon an, lèfini pou Estè al bò kot wa a pou pale avè l', pou mande l' gras pou pèp li a. Atach al di Estè tou sa Madoche te di l'. Estè menm voye Atach di Madoche konsa: -Pèsonn, li te mèt fanm li te mèt gason, pa gen dwa antre nan lakou anndan palè a pou wè wa a, si se pa wa a ki voye chache l'. Si yon moun fè sa, y'ap touye l'. Se lalwa. Tout moun k'ap travay ak wa a ansanm ak tout pèp lòt peyi ki sou lòd li yo konn sa. Sèl jan pou l' pa mouri se si wa a lonje baton an lò a bay moun lan. Mwen menm, gen yon mwa depi wa a pa mande pou mwen. Lè Atach bay Madoche mesaj Estè a, Madoche voye repons sa a bay Estè: -Pa mete nan tèt ou lè y'ap touye jwif yo w'ap chape paske se lakay wa a ou rete. Si ou konprann pou fèmen bouch ou nan yon ka konsa, Bondye ap toujou delivre pèp jwif la. Y'a sove, men ou menm, w'ap mouri epi fanmi ou ap disparèt. Ou pa janm konnen si se pa pou move pa sa a ou larenn jounen jòdi a. Estè voye reponn Madoche: -Ou mèt ale. Reyini dènye jwif ki nan lavil Souz; fè yo fè jèn pou mwen. N'a pase twa jou twa nwit san manje san bwè. Mwen menm bò pa m' ansanm ak sèvant mwen yo, nou pral fè jèn tou. Apre sa, m' aval kote wa a, atout lalwa defann sa. Si se pou m' mouri, m'a mouri. Madoche ale, li fè tou sa Estè te di l' fè a.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.