Sou twazyèm jou a, Estè mete rad larenn li sou li, li ale, li kanpe nan lakou anndan palè a, devan salon wa a. Wa a te chita sou fòtèy li anndan salon an anfas pòt pou antre a. Lè wa a wè larenn Estè kanpe deyò a, sa te fè kè l' kontan, li lonje baton an lò ki te nan men l' lan ba li. Estè antre, li manyen pwent baton an. Wa a mande l': -Sa ki genyen, larenn Estè? Sa ou bezwen? Ou te mèt mande m' mwatye nan peyi a, m'ap ba ou li. Estè reponn li: -Si sa fè wa a plezi, mwen ta renmen wa a vini ansanm ak Aman nan yon ti fèt m'ap fè pou li lakay mwen aswè a. Lamenm wa a di: -Kouri vit al chache Aman pou n' al kay Estè ki envite nou. Se konsa, wa a ale nan ti fèt Estè te fè pou li a ansanm ak Aman. Pandan yo t'ap bwè diven, wa a mande Estè konsa: -Di m' sa ou vle, m'ap ba ou li. Ou te mèt mande m' mwatye nan peyi a, m'ap ba ou li. Estè reponn, li di konsa: -Sa m' bezwen...? Sa m' ta mande ou...? Si wa a kontan avè m', si se plezi li pou li ban m' sa m' vle a, pou li fè sa m'a mande l' fè a. mwen ta renmen wa a ansanm ak Aman vini denmen lakay mwen pou yon lòt ti fèt m'ap fè pou li ansanm ak Aman. Lè sa a, m'a di monwa sa m' bezwen. Jou sa a, lè Aman soti nan fèt la, li te kontan, li t'ap ri ak tout moun. Men, lè li rive bò pòtay palè a, li wè Madoche pa menm fè yon rimay leve lè l'ap pase. Li move anpil sou Madoche, men li pa kite moun wè sa, epi li al lakay li. Lèfini, li fè chache zanmi l' yo, epi li mande madanm li Zerès pou li vini tou. Aman konmanse pale devan yo, li di yo jan li rich, jan li gen lajan, konbe pitit gason li genyen, jan wa a te moute l' grad, li te mete l' chèf anwo tout lòt chèf ak tout lòt moun k'ap sèvi nan gouvenman an. Lèfini, li di: -Sa ki pi rèd, larenn Estè fè fèt pou wa a, kilès ou kwè li envite? Mwen menm ase, pèsonn ankò! Men li envite m' pou denmen ankò! Men, tou sa pa di m' anyen, toutotan m'a wè jwif yo rele Madoche a chita nan papòt palè wa a. Lè sa a, Zerès, madanm li, ak tout zanmi l' yo di l' konsa: -Poukisa ou pa fè yo kanpe yon poto swasannkenz pye wotè nan lakou lakay ou? Denmen maten, w'a mande wa a pou yo pann Madoche nan poto a. Apre sa, wa va ale nan fèt la ak kè kontan. Aman wè se te yon bon lide yo te ba li la a. Li fè kanpe yon poto swasannkenz pye wotè nan lakou lakay li.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.