Menm jou lannwit sa a, wa a pa t' ka dòmi. Li fè yo pote achiv gouvènman kote yo te ekri tou sa ki te pase nan peyi a nan tan lontan. Li fè yo li ladan l' pou li. Nan sa yo li a, te gen yon pòsyon kote yo te rakonte ki jan Madoche te dekouvri konplo de nan domestik konfyans wa a, Bigtan ak Tèrèch, ki t'ap fè pòs devan chanm wa a, te moute pou yo ansasinen wa a. Wa a mande: -Kisa yo te fè pou Madoche lè sa a? Kisa yo te ba li pou sa? Mesye ki te la ap sèvi wa a reponn: -Yo pa t' fè anyen pou li non. Wa a mande: -Kilès nan chèf yo ki nan lakou palè a? Lè sa a, Aman te fèk antre nan lakou palè a. Li te vin mande wa a pou l' te fè pann Madoche nan poto li te pare a. Mesye yo reponn: -Aman la a wi! L'ap espere ou nan lakou a. Wa a di: -Fè l' antre! Lè Aman antre, wa a di l' konsa: -Ki pi bèl bagay m' ta fè pou yon moun mwen ta renmen remèsye pou sèvis li rann mwen. Aman di nan kè l': Pa gen lòt moun wa a ta renmen remèsye pase mwen menm! Epi li di wa a: -Yon moun ou ta renmen remèsye pou sèvis li rann ou! Enben! Fè yo pran yonn nan bèl rad ou konn mete sou ou yo pote l' bay moun sa a. Pran chwal ou konn moute a ak tout kouwòn lan sou tèt li. Chwazi yonn nan pi gwo chèf ou yo, fè l' al abiye moun sa a ak rad wa a. Lèfini, l'a fè l' moute sou chwal la. Epi, l'a pwonmennen l' nan tout lavil la sou plas piblik la. Pandan y'ap mache konsa, chèf la va di byen fò: Men ki jan wa a remèsye moun pou sèvis yo rann li. Lè sa a, wa a di Aman: -Kouri al chache rad la ak chwal la. Epi w'a fè tou sa ou di la a pou Madoche, nonm jwif la. w'a jwenn li chita bò pòtay palè a. Pa bliye anyen nan sa ou te di fè a. Aman pran rad la ak chwal la, li mete rad la sou Madoche. Li fè Madoche moute sou chwal la. Epi, Aman pwonmennen l' sou plas piblik la. Pandan y'ap mache konsa, li t'ap di byen fò pou tout moun tande: Men ki jan wa a remèsye moun pou sèvis yo rann li. Apre sa, Madoche tounen tounen l' bò pòtay palè wa a. Aman menm kouri al lakay li, li bouche figi l' sitèlman li te wont. Li rakonte madanm li ak tout zanmi l' yo tou sa ki te rive l'. Lèfini, Zerès, madanm li, ak zanmi l' yo ki te gen bon konprann di l' konsa: -Si Madoche se yon jwif vre, koulye a ou p'ap ka fè l' anyen. Ou konmanse pèdi pye devan l'. Ou mèt sèten se li k'ap kraze ou. Zanmi l' yo t'ap pale toujou, lè domestik konfyans wa yo rive vin chache Aman pou l' ale touswit nan fèt Estè te pare a.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.