Kèk tan apre sa, wa Asyeris mete yon nonm ki te rele Aman nan yon gwo pozisyon. Li nonmen l' chèf sou tout lòt chèf nan peyi a apre wa a. Aman sa a te pitit Amedata, moun fanmi wa Agag. Wa a pase lòd pou tout anplwaye gouvènman li mete ajenou, bese tèt yo jouk atè devan Aman pou montre jan yo respekte l'. Tout anplwaye yo te fè sa vre esepte Madoche ki te derefize fè bagay konsa. Lòt anplwaye yo mande Madoche poukisa li t'ap dezobeyi lòd wa a te bay la. Chak jou yo te dèyè l' pou l' te konfòme l'. Men, li te refize koute yo. Li esplike yo se jwif li ye, li pa kapab bese tèt li jouk atè devan Aman. Se konsa mesye yo al di Aman sa pou yo wè si li pa t'ap di Madoche anyen. Lè Aman wè Madoche te derefize ni mete ajenou, ni bese tèt li jouk atè devan li lè l'ap pase, li ofiske. Lè li vin konnen menm se jwif Madoche te ye, li fè lide se pa Madoche sèlman l'ap pini. L'ap òganize l' pou l' touye dènye kras jwif ki nan peyi wa Asyeris la. Lè sa a, wa Asyeris t'ap mache sou douzan depi li t'ap gouvènen. Nan premye mwa a, mwa Nisan an, Aman mande yon divinò fè l' konnen ki jou ak ki mwa ki pi bon pou l' fè sa l' te vle fè a. Se konsa yo tonbe sou douzyèm mwa a, mwa Ada a. Lè sa a, Aman al di wa a: -Monwa, gen yon ras moun ki gaye nan tout peyi w'ap gouvènen yo, yo toupatou nan mitan pèp yo, men yo viv apa. Mès pa yo pa menm ak mès lòt pèp yo. Lèfini, yo derefize obeyi lòd ou bay yo. Li pa ta bon pou wa a fèmen je l' sou sa. Si wa a ta vle, li ta bay lòd pou yo touye yo. Si wa a fè sa, m'ap ranmase twasanswasannkenz (0375) tòn ajan nan men anplwaye leta yo m'a mete nan kès wa a. Wa a ba li kat blanch. Li wete gwo bag ki nan dwèt li a bay Aman, pitit gason Amedata, moun ras Agag la, ki pa t' vle wè jwif yo. Epi wa a di l' konsa: -Mwen ba ou pèp sa a ansanm ak richès li yo. Fè sa ou vle ak yo. Se konsa, nan trèzyèm jou premye mwa a, Aman fè rele tout sekretè wa yo, li ba yo yon piblikasyon pou yo mete nan lang chak peyi, jan yo ekri lang lan nan peyi a. Lèfini, li bay lòd pou yo voye l' bay tout prefè wa a, tout gouvènè pwovens yo ak tout chèf lòt pèp yo. Piblikasyon an te fèt nan non wa Asyeris. Lèfini, li mete so bag wa a anba li. Yo voye mesaje kouri pote piblikasyon an nan tout peyi ki anba kòmandman wa a. Piblikasyon an te bay lòd pou lè trèzyèm jou mwa Ada a va rive, yon sèl jou a pou yo te touye tout jwif yo, granmoun kou jennmoun, fanm kou timoun. Se pou yo te masakre yo san pitye, lèfini pou yo te piye tout byen yo. Yo voye yon kopi piblikasyon an nan chak pwovens avèk lòd esprès pou yo te fè tout moun konnen pou yo pare kò yo pou jou sa a. Dapre lòd wa a, mesaje yo kouri pote mesaj la nan tout pwovens yo. Yo pibliye nouvèl la tou nan lavil Souz, kapital la. Tout lavil Souz te tèt anba, wa a menm te chita ap bwè ak Aman.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.