Mwen fè yon vizyon, mwen wè Seyè a kanpe sou lotèl la. Li di konsa: -Frape tèt poto tanp lan jouk tout galeri a tranble. Kraze tèt poto yo pou yo tonbe an miyèt moso sou tèt moun yo. Rès ki pa mouri a, m'ap touye yo nan lagè. Yo yonn p'ap chape, yo yonn p'ap sove. Menm si yo fouye twou pou yo antre nan peyi kote mò yo ye a, m'ap rale yo met deyò. Menm si yo ta moute anwo nan syèl la, m'ap rale yo desann. Si y' al kache sou tèt mòn Kamèl, m'ap chache yo, m'ap mete men sou yo. Si y' al kache pou mwen nan fon lanmè, m'ap bay gwo sèpan lanmè a lòd pou l' mòde yo. Si lènmi fè yo prizonye pou l' ta mennen yo ale kite peyi yo a, m'ap bay lòd touye yo. M'ap voye je m' sou yo. Men, fwa sa a, se p'ap pou byen yo, se va pou malè yo. Seyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a, ap annik manyen latè, latè ap pran tranble. Tout moun ki rete sou latè ap nan lapenn. Latè ap moute, l'ap gonfle, epi l'ap bese tankou dlo larivyè Nil. Seyè a bati kay li anwo nan syèl la. Li mete vout syèl la anlè latè. Li rale dlo lanmè a, li vide l' sou tout latè. Yo rele li Seyè. Wi, se konsa yo rele l'. Men sa Seyè a di ankò: Nou menm, moun Izrayèl yo, mwen konsidere nou koulye a menm jan ak moun Letiopi yo. Se mwen menm, pa vre, ki te fè pèp Izrayèl la soti kite peyi Lejip? Se pa mwen menm tou ki te fè moun Filisti yo soti kite lil Lakrèt, epi ki te fè moun Siri yo soti lavil Kir? Mwen voye je m' sou pèp Izrayèl la, mwen wè jan yo lage kò yo nan fè sa ki mal. Mwen pral disparèt yo sou latè. Men, mwen p'ap fin touye tout pitit Jakòb yo nèt. Non. Mwen pa ka fè sa. Se mwen menm, Seyè a, ki di sa. Men, mwen pral pase yon lòd. Mwen pral vannen moun Izrayèl ki nan mitan lòt nasyon yo tankou yo vannen grenn nan laye. Pa menm yon bon grenn p'ap tonbe atè. Tout moun nan pèp la k'ap fè sa ki mal pral mouri nan lagè. Yo tout k'ap plede di: O wi, Bondye p'ap kite malè rive nou, ni li p'ap kite malè tonbe sou nou, yo tout pral mouri nan lagè. Seyè a di: Yon jou gen pou rive! Jou sa a, m'a mete peyi wa David la kanpe ankò sou de pye l'. Koulye a li tankou yon kay k'ap fin kraze. Lè sa a, m'a repare tout kote ki fann yo. M'a refè miray ki te fin kraze yo. M'ap rebati peyi a jan l' te ye nan tan lontan an. Konsa, pèp Izrayèl la va pran posesyon pòsyon ki rete nan peyi Edon an. Y'a donminen ankò sou lòt nasyon mwen te fè yo. Se Seyè a ki di sa, se li menm menm k'ap fè sa rive konsa! Jou yo ap vini. Lè sa a, yo p'ap kò fin ranmase rekòt, y'ap gen tan ap pare tè pou plante ankò. Yo p'ap kò fin kraze rezen pou fè diven, y'ap gen tan ap pare pou mete pye rezen nan tè ankò. Diven byen dous ap koule sou tout mòn yo, l'ap koule desann sou tout ti mòn yo. Se Seyè a menm ki di sa. M'ap mennen pèp mwen an tounen nan peyi l' ankò. Y'a rebati lavil ki te fin kraze yo, y'a rete ladan yo. Y'a plante jaden rezen, y'a bwè diven. Y'a fè bèl jaden, y'a manje rekòt jaden yo. M'a plante pèp mwen an nan peyi yo a, nan peyi mwen te ba yo a. Pesonn p'ap janm ka derasinen yo ankò. Se Seyè a, Bondye a, ki pale.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.