Men mesaj Amòs, yonn nan gadò mouton lavil Tekoa a, te bay. Se bagay Bondye te fè l' konnen sou pèp Izrayèl la, dezan anvan tranblemanntè a. Lè sa a, se Ozyas ki te wa nan peyi Jida, epi se Jewoboram, pitit Joas, ki te wa nan peyi Izrayèl. Amòs di: -Seyè a rete sou mòn Siyon, l'ap gwonde. Li rete lavil Jerizalèm, li pale byen fò. Lamenm, savann mouton yo fennen. Zèb ki sou tèt mòn Kamèl la cheche. Seyè a di konsa: Moun peyi Damas yo ap plede fè peche sou peche san rete. Mwen fin pran desizyon m', mwen p'ap chanje lide. Yo maltrete moun peyi Galarad yo. Yo krabinen yo anba kout baton fè. M'ap voye dife sou kay kote wa Azayèl rete a. Dife a ap boule gwo kay wa Bennadad la ra tè. M'ap kraze pòtay lavil Damas la miyèt moso. M'ap disparèt moun ki rete nan Fon Avenn ansanm ak chèf ki kòmande lavil Betedenn lan. Y'a fè moun peyi Siri yo prizonye, y'a depòte yo nan peyi Kir. Se Seyè a menm ki di sa. Seyè a di konsa: Moun lavil Gaza yo ap plede fè peche sou peche san rete. Mwen fin pran desizyon m', mwen p'ap chanje lide. Yo depòte tout yon nasyon. Yo vann yo tankou esklav bay moun Edon yo. M'ap voye dife sou miray lavil Gaza. L'ap boule gwo kay yo ra tè. M'ap disparèt moun ki kòmande lavil Asdòd ansanm ak chèf ki rete nan lavil Askalon an. M'ap pini lavil Ekwon an. Tout rès moun Filisti yo pral mouri. Se Seyè a menm, Bondye a, ki di sa. Seyè a di konsa: Moun peyi Tir yo ap plede fè peche sou peche san rete. Mwen fin pran desizyon m', mwen p'ap chanje lide. Yo depòte tout yon nasyon. Yo vann yo tankou esklav bay moun Edon yo. Yo pa respekte kondisyon yo te pase pou yo viv yonn ak lòt tankou frè ak frè. Se poutèt sa, m'ap voye dife sou miray lavil Tir. L'ap boule gwo kay li yo ra tè. Seyè a di konsa: Moun lavil Edon yo ap plede fè peche sou peche san rete. Mwen fin pran desizyon m', mwen p'ap chanje lide. Yo kouri dèyè frè yo ak nepe pou yo touye yo. Yo san pitye pou yo. Kòlè yo pa gen limit. Yo toujou kenbe yo nan kè yo. Se poutèt sa, m'ap voye dife nan lavil Teman. L'a boule gwo kay lavil Bozra yo ra tè. Seyè a di konsa: Moun lavil Amon yo ap plede fè peche sou peche san rete. Mwen fin pran desizyon m', mwen p'ap chanje lide. Nan fè lagè pou yo ka gen plis tè, yo rive devantre fanm ansent peyi Galarad yo. Se poutèt sa, m'ap limen yon dife sou miray lavil Raba. L'a boule gwo kay yo ra tè. Se lè sa a w'a tande rèl moun k'ap goumen nan lagè yo, tankou bri van siklòn k'ap pase. Y'a fè wa yo ak tout chèf yo prizonye. Y'a depòte yo. Se Seyè a menm ki di sa.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.