Seyè a di konsa: Moun lavil Moab yo ap plede fè peche sou peche san rete. Mwen fin pran desizyon m', mwen p'ap chanje lide. Yo pa respekte zosman wa Edon an. Yo boule yo fè yo tounen sann. M'ap voye dife nan peyi Moab la. L'a boule gwo kay lavil Keriyòt yo ra tè. Moun Moab yo ap mouri nan mitan batay la, antan moun k'ap goumen yo ap rele byen fò, epi klewon ap kònen. M'ap touye chèf k'ap gouvènen nan mitan yo ansanm ak tout lòt chèf ki nan peyi a. Se Seyè a menm ki di sa. Seyè a di konsa: Moun peyi Jida yo ap plede fè peche sou peche san rete. Mwen fin pran desizyon m', mwen p'ap chanje lide. Yo voye sa mwen te moutre yo a jete. Yo p'ap fè sa m' te ba yo lòd fè a. Yo kite menm zidòl zansèt yo te sèvi a fè yo pèdi wout yo. Se poutèt sa, m'ap voye dife nan peyi Jida a. L'a boule gwo kay lavil Jerizalèm yo ra tè. Seyè a di konsa: Moun pèp Izrayèl yo ap plede fè peche sou peche san rete. Mwen fin pran desizyon m', mwen p'ap chanje lide. Yo pran moun serye ki pa ka peye dèt yo, yo vann yo tankou esklav. Yo pran pòv malere ki pa gen senk pou peye dèt yo, yo vann yo pou gremesi. Y'ap pilonnen malere anba pye yo. Y'ap fè pòv yo vin pi pòv. Papa kou pitit al dèyè fi k'ap sèvi nan kay la. Konsa, yo trennen non Bondye nan labou. Yo kouche bò lotèl yo sou rad moun te mete nan plan lakay yo. Nan tanp bondye yo a y'ap bwè bweson yo te fè moun bay pou amann. Men, nou menm pèp mwen, se pou nou mwen te detwi moun Amori yo nèt, yon bann moun ki te wo tankou pye palmis, ki te gen kouraj tankou pye bwadchenn. Mwen koupe branch yo ra tè. Mwen dechouke rasin yo. Mwen fè nou soti kite peyi Lejip. Mwen mennen nou pandan karantan nan dezè a. Mwen ban nou peyi moun Amori yo pou peyi pa nou. Mwen te chwazi kèk nan pitit gason nou yo pou sèvi m' prèt, ak kèk nan jenn gason nou yo pou yo ka vin nazirit. Se pa konsa sa te fèt vre, moun Izrayèl? Se mwen menm, Seyè a, ki di sa. Men, nou fè nazirit yo bwè diven, nou bay pwofèt yo lòd pou yo pa bay mesaj mwen ba yo pou pèp la. Koulye a, mwen pral kraze nou anba pye m' menm jan yon kabwèt chaje ap foule tè. Nou te mèt konn kouri, nou p'ap chape. Gwonèg kou nou gwonèg, sa p'ap sèvi nou anyen. Vanyan kou nou vanyan, nou p'ap ka sove pwòp tèt nou. Moun k'ap tire flèch yo p'ap ka rete kanpe. Moun k'ap kouri vit yo p'ap ka chape. Kavalye sou chwal p'ap ka sove lavi yo. Jou sa a, ata sòlda ki pi vanyan yo ap lage zam yo atè, y'ap kouri met deyò tankou manman yo te fè yo. Se Seyè a menm ki di sa.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.