Se konsa, Seyè a, Bondye a, fè m' fè yon lòt vizyon. Nan vizyon an, mwen wè yon panyen plen fwi mi. Seyè a mande m': -Kisa ou wè la a, Amòs? Mwen reponn: -Yon panyen fwi mi. Lè sa a, Seyè a di m' konsa: -Izrayèl, pèp mwen an, mi tou. Li rive sou dènye jou l' yo. Mwen p'ap chanje lide pou m' fè pa l' ankò. Jou sa a, se p'ap chante ki va gen nan palè a, se va rèl. Se Seyè a menm ki di sa. Va gen anpil kadav toupatou. Y'a voye yo jete san di krik. Koute byen sa m'ap di nou la a, nou menm k'ap kraze pòv malere yo anba pye nou, nou menm k'ap fini ak malere yo nan peyi a. N'ap plede di: Kilè fèt lalin nouvèl lan va pase pou nou ka vann diri nou? Kilè jou repo a va pase pou nou ka louvri depo nou yo pou nou vann? Lè sa a, n'a moute pri tout bagay, n'a sèvi ak fo mezi, n'a ranje balans yo pou nou ka twonpe pratik yo. N'a pran moun serye ki pa ka peye dèt yo, n'a achte yo pou sèvi esklav. N'a pran pòv malere ki pa gen senk, n'a achte yo pou pri yon pè sapat. N'a vann ata pay diri a pou gwo lajan. Seyè a fè sèman sou tèt li, li menm ki Bondye pèp Izrayèl la: Mwen p'ap janm bliye yonn nan move zak nou fè yo. Se konsa latè pral pran tranble. Tout moun nan peyi a pral pran rele. Tout peyi a pral souke. L'ap moute, l'ap gonfle, apre sa l'ap desann tankou dlo larivyè Nil nan peyi Lejip. Men pawòl Seyè a, Bondye a: Jou sa a, m'ap fè solèy la kouche gwo midi. Fènwa ap tonbe sou peyi a gwo lajounen. M'ap fè nou sispann fè fèt. N'a nan gwo lapenn. M'ap fè nou sispann chante, n'a nan rele. M'ap fè nou mete rad sak kòlèt sou nou. N'a kale tèt nou. M'ap fè nou tonbe nan lapenn tankou moun k'ap kriye pou sèl pitit gason yo ki mouri. Se nan kè sere jounen sa a ap fini pou tout moun. Men yon jou gen pou rive. Jou sa a, mwen pral voye yon sèl grangou sou peyi a. Se p'ap dèyè pen pou yo manje, ni dèyè dlo pou yo bwè y'a kouri. Men, se mesaj ki soti nan bouch Seyè a y'a anvi tande. Se Seyè a menm ki di sa. Lè sa a, moun va pran kouri soti nan n o al nan sid, soti nan lès al nan lwès. Y'a mache toupatou ap chache yon pawòl nan bouch Seyè a. Men, yo p'ap jwenn. Nan tan sa a, bèl jenn fi yo ak jenn gason yo va tonbe feblès paske yo p'ap jwenn sa y'ap pwonmennen chache a. Kanta pou moun k'ap fè sèman sou Achima, zidòl peyi Samari a, moun sa yo k'ap plede di: Anverite bondye Dann lan! Anverite bondye Bècheba a! yo gen pou yo tonbe pou yo pa janm ka leve ankò.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.