Nou menm, gwo fanm peyi Samari yo, nou gra tankou manman bèf Bazan. N'ap maltrete malere yo, n'ap peze pòv yo, epi n'ap di mari nou yo pote diven ban nou bwè. Koute sa Seyè a di: Seyè a se yon moun apa. Se yon Bondye tout bon. Li fè sèman sou tèt li. Li di konsa: Yon jou gen pou rive, y'ap fwennen nou tankou pwason ki pran nan zen. Y'ap pote nou tout ale. Y'a fè nou pase nan twou ki nan miray la, de pye devan, yonn apre lòt. Y'ap voye nou jete deyò. Se Seyè a menm ki di sa. Seyè a di konsa: Nou menm, pèp Izrayèl, se sa! Moute nan tanp lavil Betèl yo, al fè peche! Ale lavil Gilgal, peche kont kò nou! Chak maten, mennen bèt pou yo touye tankou ofrann bay Bondye! Chak twa jou, pote ladim nou! Ale non! Ofri pen nou bay Bondye pou di l' mèsi! Mache di toupatou jan nou fè ofrann ak tout kè nou bay Bondye! Apa konsa nou renmen fè, pèp Izrayèl! Se Seyè a menm ki di sa. Se mwen menm ki te fè grangou tonbe sou tout lavil nou yo, kifè nou pa t' ka jwenn manje lakay nou. Malgre sa, nou pa tounen vin jwenn mwen. Se Seyè a menm ki di sa. Lè jaden nou tapral pote rekòt, mwen pa t' kite lapli tonbe. Mwen voye lapli sou yon lavil, mwen fè yon lòt rete san yon grenn lapli. Yon jaden jwenn lapli, yon lòt menm ap mouri. Moun soti nan de twa lavil ale nan yon lavil nan vwazinaj al mande dlo, men pa t' gen ase pou yo tout bwè. Malgre sa, nou pa tounen vin jwenn mwen. Se Seyè a menm ki di sa. Mwen voye yon van cho kou dife boule tout rekòt yo. Krikèt vèt manje tout jaden nou yo ak tout pye rezen nou yo, tout pye fig frans nou yo ak tout pye oliv nou yo. Malgre sa, nou pa tounen vin jwenn mwen. Se Seyè a menm ki di sa. Mwen voye malè sou nou tankou malè mwen te voye sou peyi Lejip la. Mwen touye jenn gason nou yo nan lagè. Mwen te pran tout chwal nou yo mennen ale. Sant kadav moute nan nen nou tout kote nou rete a. Malgre sa, nou pa tounen vin jwenn mwen. Se Seyè a menm ki di sa. Mwen detwi kèk nan nou, menm jan mwen te detwi moun Sodòm ak moun Gomò yo. Sa ki te sove nan nou yo, se tankou yon bout bwa ki pran dife, epi yo kouri wete l' nan dife a pou li pa fin boule. Malgre sa, nou pa tounen vin jwenn mwen. Se Seyè a menm ki di sa. Se poutèt sa, nou menm moun pèp Izrayèl, mwen pral pini nou. E paske mwen pral pini nou konsa a, nou mèt pare kò nou pou n'a l' kontre ak Bondye nou an. Se Bondye ki te fè mòn yo. Se li menm ki te kreye van yo. Li fè lèzòm konnen lide li gen nan tèt li. Li fè lajounen soti nan lannwit. L'ap gouvènen sou tout latè. Se poutèt sa, men jan yo rele l': Seyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.