Frè m' yo, mwen pa bezwen ekri nou pou m' fè nou konnen ni ki lè, ni ki jou bagay sa yo gen pou rive. Nou menm nou konn sa byen: Jou Seyè a gen pou l' vin sou nou tankou yon vòlò k'ap vin nan mitan lannwit. Lè n'ap tande moun ap di: Gen lapè toupatou, tout bagay byen sou kontwòl, se lè sa a, san nou pa atann, n'ap wè kòlè Bondye a tonbe sou yo pou detwi yo. Se tankou lè doulè tranche sezi yon fanm ansent. p'ap gen chape pou yo. Men nou menm, frè m' yo, nou pa moun k'ap viv nan fènwa. Jou sa a p'ap vin sou nou tankou yon vòlè, san nou pa atann. Paske, nou tout se moun k'ap viv nan limyè, nan gwo lajounen. Nou pa moun k'ap viv nan lannwit, nan fènwa! Se sak fè, piga nou dòmi tankou lòt yo. Pa kite dòmi pran nou. Kenbe tèt nou anplas. Se lannwit moun dòmi. Se lannwit tou moun sou. Men nou menm, nou se moun k'ap viv lajounen, se pou nou toujou kenbe tèt nou anplas. Ann pran konfyans nou gen nan Bondye a ak renmen nou gen nan kè nou tankou yon plak pwotèj pou lestonmak nou. Ann pran espwa nou genyen nan Jezi k'ap vin delivre nou nèt la, ann mete l' tankou yon kas an fè nan tèt nou. Paske, Bondye pa t' chwazi nou pou nou te tonbe anba kòlè li, men pou n' te ka delivre, gremesi Jezikri, Seyè nou an. Jezi te mouri pou n' te ka viv ansanm ak li. Konsa, kit nou mouri deja, kit nou vivan toujou lè la vini an, nou tout n'ap toujou ansanm ak li. Se poutèt sa, annou yonn ankouraje lòt, yonn ede lòt, jan nou deja ap fè l' la. Frè m' yo, m'ap mande nou pou nou gen anpil respè pou moun k'ap travay nan mitan nou yo, moun Seyè a chwazi pou dirije nou, pou ankouraje nou. Se pou nou gen anpil konsiderasyon pou yo, se pou nou renmen yo poutèt travay y'ap fè a. Se pou nou viv byen ak kè poze yonn ak lòt. M'ap mande nou tou, frè m' yo, pou nou rele dèyè moun k'ap fè parese yo. Ankouraje sa ki yon ti jan frèt yo, ede sa ki fèb yo. Se pou nou pran pasyans ak tout moun. Pa kite pesonn rann mal pou mal. Okontrè, toujou chache fè sa ki byen yonn pou lòt ak sa ki byen pou tout moun. Se pou kè nou toujou kontan. Pa janm sispann lapriyè. Di Bondye mèsi pou tout bagay. Se sa Bondye mande nou, nou menm ki mete konfyans nou nan Jezikri. Pa antrave travay Sentespri a. Pa meprize pawòl moun k'ap bay mesaj ki soti nan Bondye. Egzaminen tout bagay byen, kenbe sa ki bon. Egzante tou sa ki mal. Mwen mande Bondye ki bay kè poze a pou l' fè nou favè pou nou viv pou li nèt ale. Konsa, lè Jezikri, Seyè nou an, va vini, li p'ap jwenn nou ak ankenn defo, ni nan kò nou, ni nan lespri nou ni nan nanm nou. Bondye ki rele nou an va fè sa pou nou, paske li toujou kenbe pawòl li. Frè m' yo, lapriyè pou mwen tou. Di tout frè yo bonjou, bo yo pou mwen tankou moun k'ap viv pou Bondye konn fè l' la. Tanpri souple, nan non Seyè a, li lèt sa a bay tout frè yo. Se pou benediksyon Jezikri, Seyè nou an, toujou la avèk nou.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.