Frè m' yo, mwen te moutre nou ki jan pou n' mennen bak nou si nou vle fè Bondye plezi. Wi, mwen konnen se konsa n'ap viv vre. Men, koulye a m'ap mande nou, nan non Seyè Jezi a, tanpri chache viv pi byen toujou. Nou konnen tou sa m' te moutre nou, avèk otorite Seyè Jezi te ban mwen an. Men sa Bondye vle pou nou: Se pou nou viv apa pou Bondye, pou nou pa lage kò nou nan imoralite. Se pou chak gason konn chwazi madanm li yon jan ki respektab, ki dakò ak volonte Bondye. Pa kite move lanvi pouse nou tankou moun lòt nasyon yo ki pa konnen Bondye. Nan bagay sa a, ankenn gason pa dwe fè frè l' lapenn, ni fè l' lenjistis. Mwen deja di nou sa, mwen te ban nou kont avètisman sou sa: Seyè a gen pou peni moun ki fè bagay konsa. Bondye pa rele nou pou nou viv nan vye kondisyon lèd. Men, li rele nou pou nou viv yon jan ki dakò ak volonte li. Se poutèt sa, moun ki pa asepte pawòl sa a, se pa pawòl lèzòm li pa koute, se pawòl Bondye ki ban nou Sentespri l' la menm li pa koute. Kanta renmen nou dwe genyen pou frè n' yo, mwen pa bezwen ekri nou sou sa. Paske, se Bondye menm ki te moutre nou ki jan nou dwe yonn renmen lòt. Mwen konnen se konsa menm n'ap aji avèk tout frè yo nan tout peyi Masedwan lan. Men, m'ap mande nou, frè m' yo, pou nou chache viv pi byen toujou. Chache viv ak kè poze. Okipe zafè pa nou. Travay ak men nou pou nou pa rete sou kont moun. Konsa, moun ki pa kwè nan Kris la va respekte nou, epi nou menm, nou p'ap rete sou kont pesonn. Frè m' yo, sou keksyon moun ki mouri deja yo, mwen ta renmen nou konn verite a, pou nou pa gen lapenn tankou lòt moun yo ki pa gen espwa nan Seyè a. Menm jan nou kwè Jezi te mouri epi li te leve soti vivan ankò a, konsa tou, se pou n' kwè tout moun ki te gen konfyans nan li lè yo te mouri, Bondye va fè yo tounen ansanm ak Jezi. Dapre sa Seyè a te moutre m' lan, men sa m'ap di nou: Nou menm k'ap vivan toujou lè Seyè a va vini an, nou p'ap pran devan moun ki mouri deja yo. Lè sa a, n'a tande yon gwo lòd pase, n'a tande vwa chèf zanj lan ansanm ak kout klewon Bondye a: epi Seyè a menm va desann sot nan syèl la. Moun ki te mete konfyans yo nan Kris la lè yo te mouri, se yo ki va leve soti vivan an premye. Apre sa, nou menm ki va vivan toujou lè sa a, y'ap vin pran nou, nou menm ansanm ak moun ki soti vivan nan lanmò yo, y'ap mete nou sou nwaj yo pou n' al kontre Seyè a anwo a. Konsa, nou tout n'ap toujou ansanm ak Seyè a. Se pou nou yonn ankouraje lòt ak pawòl sa yo.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.