Se konsa, mwen pa t' kapab tann ankò. Mwen pran desizyon rete pou kont mwen lavil Atèn. Mwen te voye Timote, frè nou an, al wè nou. Se yon sèvitè Bondye k'ap travay ansanm ak mwen pou fè konnen bon nouvèl Kris la. Li te gen pou l' te fòtifye nou, pou l' te ankouraje nou nan lafwa, pou pesonn pa febli nan mitan tribilasyon sa yo. Nou menm, moun lavil Tesalonik, se pou n' soufri bagay sa yo paske Bondye te wè davans sa tapral rive nou. Lè m' te la nan mitan nou, mwen te pale nou davans nou tapral gen anpil lafliksyon. Nou wè se sa menm ki rive nou. Se poutèt sa, mwen te voye Timote ban nou, mwen pa t' kapab tann ankò. Mwen te voye l' pran nouvèl jan konfyans nou nan Bondye ye. Mwen te pè pou Satan pa t' pran nou nan pèlen li, pou tout travay mwen an pa t' pèdi. Men koulye a, Timote fèk rive sot lakay nou, li fè kè m' kontan, li ban m' bon nouvèl, li di m' jan nou gen konfyans ak renmen. Li di m' jan nou menm tou nou toujou chonje m', jan nou anvi wè m', menm jan mwen menm mwen anvi wè nou. Konsa, frè m' yo, nan mitan tout fikilte ak tout lafliksyon mwen yo, sa te ban m' kouraj lè m' tande jan n'ap kenbe fèm nan lafwa. Se koulye a m'ap viv tout bon, paske nou menm, moun Tesalonik, nou rete fèm nan lavi n'ap mennen ansanm ak Kris la. Mwen pa konn ki jan pou m' di Bondye mèsi pou nou, tèlman nou fè kè m' kontan devan li. Lajounen kou lannwit, m'ap mande ak tout kè mwen pou Bondye ban m' chans yon lè vizite nou ankò, pou m' ka fin moutre nou sa nou manke nan lafwa a toujou. Mwen mande Bondye, Papa nou, ansanm ak Jezikri, Seyè nou, pou yo louvri yon chemen pou mwen pou m' ka vin wè nou. Mwen mande Seyè a pou nou gen plis renmen yonn pou lòt ak pou tout moun, menm jan mwen renmen nou. Konsa, nou menm moun Tesalonik, Kris la va fòtifye kè nou pou nou ka san repwòch devan Bondye, Papa nou, tankou moun k'ap viv apa pou li jouk lè Jezikri, Seyè nou an, va vini ansanm ak tout moun pa l' yo.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.