Mwen menm, Pòl, ansanm ak Silven ak Timote, m'ap ekri lèt sa a voye bay manm legliz lavil Tesalonik yo, k'ap viv ansanm nan Bondye, Papa a, ak Jezikri, Seyè nou an. Mwen mande pou yo ban nou benediksyon ak kè poze. Se tout tan m'ap di Bondye mèsi pou nou tout. Mwen pa janm bliye nou lè m'ap lapriyè. Devan Bondye Papa nou, mwen toujou chonje jan n'ap viv byen paske nou gen konfyans nan Bondye, jan n'ap travay di paske nou gen renmen nan kè nou, jan nou rete fèm nan espwa nou gen nan Jezikri, Seyè nou an. Mwen konnen, frè m' yo, Bondye renmen nou, se li menm ki chwazi nou pou n' ka viv pou li. Se pa t' avèk pawòl ase mwen te anonse nou bon nouvèl la. Men tou, se te avèk pouvwa Sentespri a, avèk lasirans fèm sa m' t'ap di a se vre. Nou menm tou, nou konnen jan mwen te mennen tèt mwen nan mitan nou. Mwen te fè l' pou byen nou. Nou te swiv egzanp mwen ak egzanp Seyè a. Nou te soufri anpil. Malgre sa, nou te resevwa pawòl Bondye a ak kè kontan. Sa se travay Sentespri. Se konsa, nou te tounen yon egzanp pou tout moun nan peyi Masedwan ak nan peyi Lakayi ki gen konfyans nan Bondye. Konsa, nou fè anpil moun rive konnen mesaj Seyè a. Se pa sèlman nan Masedwan ak nan Lakayi, men se toupatou moun ap pale jan nou gen konfyans nan Bondye. Se sa ki fè, nou pa bezwen pale sou sa ankò. Okontrè, yo tout ap rakonte jan nou te resevwa m' lè m' te rive lakay nou, jan nou te kite zidòl yo pou n' tounen vin jwenn Bondye, pou nou te ka sèvi Bondye vivan an, Bondye tout bon an. Y'ap di tou jan n'ap tann Jezi, Pitit Bondye a, k'ap vini sot nan syèl la. Se Jezi sa a Bondye te leve vivan soti nan lanmò. Se li menm k'ap delivre nou anba kòlè Bondye k'ap vini an.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.